Kreyòl Enfo, 8 jen 2020.- Ma labou, dlo sal ak fatra paralize aktivite nan tribinal depè seksyon sid Gonayiv la jodi lendi 8 jen an. Devan tribinal la ki te deja sire tankou peny ti dan vin pi malouk aprè ti lapli ki tonbe nan site lendepandans la ayè dimanch la.

Grefye Jeune Kentoch Noël eksplike se « marèl » jij, avoka, grefye ak jistisyab yo ap jwe pou rantre nan lokal tribinal la. Grefye a di malgre yo plede rele lameri ak direksyon depatmantal travo piblik, jouk kounye a anyen pa janm fèt pou netwaye epi repare wout ki pase devan tribinal la.
Jeune Kentoch Noël menase pou fèmen pòt tribinal la nèt si anyen pa fèt pou retire ma labou ak dlo sal ki anpeche tribinal la fonksyone. Grefye a souliye regrèt Gonayiv sal nan nivo sa pandan epidemi kowonaviris la ap gaye nan tout vil la.
Kreyòl Enfo