Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti

Kreyòl Enfo

Sous enfòmasyon an

  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
politik

Kowonaviris : yon gwoup òganizasyon menase pote plent kont Joseph Jouthe ak Marie Greta Roy Clément

👤 Kreyòl Enfo 30/06/202030/06/2020
Kreyòl Enfo 30/06/202030/06/2020

Kreyòl Enfo, 30 jen 2020.- Yon ansanm òganizasyon politik ki nan opozisyon ak pouvwa Tèt Kale a menase, pandan yon konferans jodi madi a, pou pote plent devan lajistis kont Premye minis la, Joseph Jouthe, ansanm ak minis Sante piblik la, Greta Roy, pou gagòt yo fè nan lajan Ayiti te resevwa pou konbat epidemi Kowonaviris la.

Rèsponsab òganizasyon politik sa yo akize Joseph Jouthe kòm otorite ki gagote 18 milyon dola vèt ki te debloke pou achte pwodwi ak materyèl pou ede popilasyon an nan moman kriz la. Yo fè kwè tout materyèl sanitè ki rive debake sou tèritwa nasyonal la se èd peyi etranje voye bay Ayiti.

»   Kowonaviris : Ayiti fèmen fwontyè epi sispann tout vòl k ap soti Ewòp ak Amerik Latin

Youn nan pòt pawòl gwoup la, Abel Loreston, mande minis Sante piblik la, Doktè Marie Greta Roy Clément, bay esplikasyon tou sou 200 kabann li te di ki disponib nan lopital yo pandansetan, okenn moun pa konn ki kote kabann sa yo pase. Abel Loreston anonse yo pral depoze plent nan jou k ap vini la yo kont tout moun ki patisipe nan piye kòb kowonaviris la pou regle zafè pèsonel yo.

Rèsponsab òganizasyon politik yo anonse tou mobilizasyon pasifik pou dechouke Jovenel Moise nan tèt Leta a avan 7 fevriye 2021 pral demare nan kat kwen peyi a. Yo denonse prezidan Jovenel Moise yo di k ap siyen yon ansanm dekrè degrenn gòch ki pa marye ak ansanm revandikasyon mas popilè yo.

»   Jouthe anonse gouvènman an pral desann pri gaz sou mache a

Pami òganizasyon politik sa yo nou jwenn Movid, AAPA, Anbake pou chanje, Palman popilè ak REMEDH.

Kreyòl Enfo

Pataje

  • WhatsApp
  • Tweet
  • Telegram
  • Plus
  • Imprimer
  • Partager sur Tumblr
  • Pocket
Abel LorestonJoseph JoutheMarie Greta Roy ClémentÒganizasyon politikPlent lajistis
Kreyòl Enfo

Anvan
Pasaje bis konpayi « Haiti-Trans » bandi te pran Mòn Kabrit yèswa dimanch la jwenn liberasyon yo
Aprè
Jovenel Moise mande libere yon ekip asasen, Ofis pwoteksyon sitwayen kriye eskandal

ou ka enterese

IJAN : tout manm Konsèy Elektoral Pwovizwa a...

24/07/2020

Biwo prezidan Jovenel Moïse anonse pase men nan...

17/12/2020

MOPOD revòlte kont dènye deklarasyon Jovenel Moise yo...

20/07/2020

Jean Charles Moise nan tèt yon karavàn distribisyon...

21/05/2020

BINUH plede pou yon refòm nan Konstitisyon Ayiti...

15/06/2020

Chèf pakè Pòtoprens la lanse yon pinga bay...

04/06/2020

Politik : malgre kontestasyon, KEP a pibliye yon...

07/01/2021

OEA pran pozisyon nan deba sou manda prezidan...

29/05/2020

Pou Mirlande Manigat, manda prezidan Jovenel Moise ap...

12/06/2020

Gonayiv : lameri bloke yon distribisyon materyèl ak...

15/05/2020

#COVID19 #MSPPHaiti#UCRP

Mete kachnen!
Bay tout moun 3 pa distans!
Si n suiv konsèy otorite yo bay yo, n ap bare Kowonaviris! pic.twitter.com/aS3BPnmn39

— MINISTÈRE DE LA SANTÉ PUBLIQUE ET DE LA POPULATION (@MsppOfficiel) May 30, 2020

SA K AP DOMINE AKTYALITE A

  • Kídnaping-Kafou : bandi kidnape yon elèv lekòl Bazil Mowo, abitan nan zòn nan bloke wout nasyonal nimewo 2 a
    Kídnaping-Kafou : bandi kidnape yon elèv lekòl Bazil Mowo, abitan nan zòn nan bloke wout nasyonal nimewo 2 a
  • Pwotestasyon-Taba : manifestasyon kont kidnaping nan lantouray anbasad amerikèn
    Pwotestasyon-Taba : manifestasyon kont kidnaping nan lantouray anbasad amerikèn
  • Latwoublay nan komin Kafou aprè bandi fin kidnape yon elèv lekòl 10 lane
    Latwoublay nan komin Kafou aprè bandi fin kidnape yon elèv lekòl 10 lane
  • Kidnaping-Kafou : bandi fè dappiyanp sou yon elèv lekòl kominal, lise Anri Kristòf leve kanpe
    Kidnaping-Kafou : bandi fè dappiyanp sou yon elèv lekòl kominal, lise Anri Kristòf leve kanpe
  • Ensekirite : yon anplwaye UNICEF tonbe anba bal bandi Pòtoprens
    Ensekirite : yon anplwaye UNICEF tonbe anba bal bandi Pòtoprens
  • Miragwàn : manifestasyon pou egzije liberasyon senatè Nenel Cassy
    Miragwàn : manifestasyon pou egzije liberasyon senatè Nenel Cassy
  • Okap : bandi ak zam mete dife nan plis pase 12 kay nan zòn Shada 2
    Okap : bandi ak zam mete dife nan plis pase 12 kay nan zòn Shada 2
  • IJAN : Senatè Nenel Cassy ak plizyè militan politik jwenn arèstasyon yo nan vil Miragwàn
    IJAN : Senatè Nenel Cassy ak plizyè militan politik jwenn arèstasyon yo nan vil Miragwàn
  • Dram : 6 moun mouri anba bal pandan yon seremoni vodou nan komin Senrafayèl
    Dram : 6 moun mouri anba bal pandan yon seremoni vodou nan komin Senrafayèl
  • IJAN : Francois Anick Joseph, ansyen senatè Latibonit, mouri britsoukou nan peyi Kanada
    IJAN : Francois Anick Joseph, ansyen senatè Latibonit, mouri britsoukou nan peyi Kanada

KE sou Facebook

KE sou Facebook
Mes Tweets
  • Facebook
  • Twitter
  • Bloglovin

Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Retounen anwo
Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.