Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti

Kreyòl Enfo

Sous enfòmasyon an

  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Sosyete

Kowonaviris : yon branch nan opozisyon an anonse netwayaj 3 lopital nan kapital la

👤 Kreyòl Enfo 30/03/202030/03/2020
Kreyòl Enfo 30/03/202030/03/2020

Kreyòl Enfo, 30 mas 2020 .- Plizyè òganizasyon politik ki nan opozisyon ak pouvwa Tèt Kale a anonse pandan yon konferans, lendi 30 mas la, yo pral netwaye lokal 3 lopital nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la nan kad batay pou kontrekare kovid-19 la.

Youn nan pòt vwa ansanm òganizasyon politik sa yo, Abel Loreston, panse pwòpte lopital yo ap fasilite travay pwofesyonèl lasante yo k ap genyen pou fè fas ak malad tout kalte pami yo moun ki kontamine ak nouvo kowonaviris la. Abel Loreston mande lameri ak ponpye pote kole pou ede yo fè travay la.

Rèsponsab òganizasyon yo presize mèkredi premye avril yo pral netwaye lopital jeneral. Jedi 2 avril yo se lopital lapè, Dèlma 33, ki pral benefisye sèvis manm òganizasyon yo. Vandredi 3 avril, militan politik yo pral fè lapwòpte nan lopital sanatoryòm. Pami òganizasyon politik sa yo gen Palman Popilè, Movid, Fanm Djanm, Anbake elatriye.

»   Aprè 738 pandan jounen an, Espay depase Lachin nan kantite moun ki mouri ak Kovid-19

Ministè sante piblik ak popilasyon nan tèt kola ak laboratwa nasyonal presize, jiska lendi 30 mas la, Ayiti gen 15 moun ki kontamine ak nouvo kowonaviris la.

Kreyòl Enfo

Pataje

  • WhatsApp
  • Tweet
  • Telegram
  • Plus
  • Imprimer
  • Partager sur Tumblr
  • Pocket
KowonavirisLopital jeneralNetwayajÒganizasyon politik
Kreyòl Enfo

Anvan
Latibonit, 4 moun mouri anba bal pandan wikenn nan
Aprè
Espay : 849 moun peri ak kovid-19 pandan jounen an, plis moun ki mouri nan yon jou

ou ka enterese

Gonayiv : lameri bloke yon distribisyon materyèl ak...

15/05/2020

Abitan Lamontay (Jakmèl) fete Pèpetyèl sekou malgre epidemi...

27/06/2020

Site Solèy : yon jounalis ak plizyè lòt...

30/04/2020

Meyak, yon lokalite nan depatman Nòdès, ap fè...

13/05/2020

Eskandal seksyèl : plizyè jwè foutbòl fanm akize...

30/04/2020

Zile Kayimit, yon nouvo komin nan peyi a

12/07/2020

Lapolis maspinen Georges Allen : RENAMEL mande jistis...

29/04/2020

Gonayiv : lajistis fouke Fernélus Altima, yon devègonde...

22/07/2020

Yon gwoup anplwaye badijonnen lokal ministè pou afè...

29/06/2020

Sant Emmanuel Charlemagne, yon espas kiltirèl modèn k...

15/08/2020

#COVID19 #MSPPHaiti#UCRP

Mete kachnen!
Bay tout moun 3 pa distans!
Si n suiv konsèy otorite yo bay yo, n ap bare Kowonaviris! pic.twitter.com/aS3BPnmn39

— MINISTÈRE DE LA SANTÉ PUBLIQUE ET DE LA POPULATION (@MsppOfficiel) May 30, 2020

SA K AP DOMINE AKTYALITE A

  • Miragwàn : manifestasyon pou egzije liberasyon senatè Nenel Cassy
    Miragwàn : manifestasyon pou egzije liberasyon senatè Nenel Cassy
  • Kidnaping-Kafou : bandi fè dappiyanp sou yon elèv lekòl kominal, lise Anri Kristòf leve kanpe
    Kidnaping-Kafou : bandi fè dappiyanp sou yon elèv lekòl kominal, lise Anri Kristòf leve kanpe
  • IJAN : Senatè Nenel Cassy ak plizyè militan politik jwenn arèstasyon yo nan vil Miragwàn
    IJAN : Senatè Nenel Cassy ak plizyè militan politik jwenn arèstasyon yo nan vil Miragwàn
  • Arnel Joseph, chèf gang Vilaj Dedye a anba kòd
    Arnel Joseph, chèf gang Vilaj Dedye a anba kòd
  • Ijan : nèg ak zam rantre nan sal ijans Lopital jeneral, pran yon malad epi simen katouch sou li
    Ijan : nèg ak zam rantre nan sal ijans Lopital jeneral, pran yon malad epi simen katouch sou li
  • Gonayiv, otorite yo lage koukouwouj dèyè machann k ap vann gaz nan lari
    Gonayiv, otorite yo lage koukouwouj dèyè machann k ap vann gaz nan lari
  • Ensekirite : yon gwoup jenn fanm tonbe nan fouye moun anba lavil (Pòtoprens)
    Ensekirite : yon gwoup jenn fanm tonbe nan fouye moun anba lavil (Pòtoprens)
  • Kafou : yon moun mouri pandan manifestasyon pou denonse kidnaping pwopriyetè Titi Loto a
    Kafou : yon moun mouri pandan manifestasyon pou denonse kidnaping pwopriyetè Titi Loto a
  • Dram : 6 moun mouri anba bal pandan yon seremoni vodou nan komin Senrafayèl
    Dram : 6 moun mouri anba bal pandan yon seremoni vodou nan komin Senrafayèl
  • Doktè Yves Cadet, espesyalis nan sekirite piblik, mouri britsoukou
    Doktè Yves Cadet, espesyalis nan sekirite piblik, mouri britsoukou

KE sou Facebook

KE sou Facebook
Mes Tweets
  • Facebook
  • Twitter
  • Bloglovin

Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Retounen anwo
Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.