Kreyòl Enfo 3 jen 2020.- Nan yon nòt ki pibliye mèkredi 3 jen an, Direksyon Jeneral Achiv Nasyonal di li twouve l nan obligasyon pou fèmen pandan 14 jou pòt tout sèvis yo aprè nouvo kowonaviris la ta kontamine yon kad nan enstitisyon an.

Anplwaye ki kontamine ak kowonaviris la te vizite twa lokal enstitisyon an nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la : Pòs Machan, Dèlma 39 ak Dèlma 75. Direktè jeneral Achiv Nasyonal la, Jean Wilfrid Bertrand, konfime aprè otorite lasante yo fin dezenfekte lokal sa yo, pòt tout biwo enstitisyon an ap rete fèmen soti 8 pou rive 21 me.
Pandan peryòd Achiv Nasyonal ap fèmen an, moun ki bezwen fè oubyen pran ekstrè ap kapab fè sa nan lokal diferant enstitisyon ki travay nan tèt kole ak Achiv Nasyonal yo oubyen CRLDI ki nan kapital la ak vil pwovens yo.
Madi 2 jen pase a, rèponsab sèvis jiridik Achiv Nasyonal la, Mèt Salnave Exantus, mouri ak tout sentom kovid-19 yo. Plizyè lòt anplwaye enstitisyon an ta deja santi sentom ki sanble ak epidemi an.
Kreyòl Enfo