Kreyòl Enfo, 7 avril 2020 .- Nouvo kowonaviris la touye 10 328 moun nan peyi Lafrans, daprè dènye bilan minis sante a prezante bay laprès aprè midi madi a.
Olivier Véran presize depi nan kòmansman mwa mas la 7 091 moun mouri nan lopital, epi 3 237 lòt pèdi lavi yo nan azil. Minis sante a eksplike epidemi an ap kontinye pwogrese paske li poko rive nan pik li nan peyi Lafrans.
Otorite fransè yo mande tout sitwayen pou rete lakay yo epi aplike tout konsèy otorite lasante yo, sèl mwayen ki ka pèmèt yo kontrekare Pandemi an.
Kreyòl Enfo