Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti

Kreyòl Enfo

Sous enfòmasyon an

  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Aktyalite

Kowonaviris : gouvènman an mande louvri faktori, sendika ouvriye yo tire pye

👤 Kreyòl Enfo 16/04/202016/04/2020
Kreyòl Enfo 16/04/202016/04/2020

Kreyòl Enfo, 16 avril 2020 .- Sendika ouvriye yo pa dakò ak desizyon gouvènman an pran pou bay izin k ap travay nan sektè tektil yo otorizasyon pou louvri pòt yo depi lendi 20 avril k ap vini la a. Rèsponsab sendika yo siyale gouvènman pran desizyon sa moman kovid-19 deja touye plizyè moun nan peyi a epi kontamine plizyè dizèn lòt.

Youn nan manm sendika ouvriye nan CODEVI, Wanament, ki pale ak redaksyon Kreyòl Enfo (KE) nan telefòn di li  » pa konprann sou ki sa gouvènman an chita pou mande ouvriye ak ouvriyèz yo retounen travay ». Sendikalis la ki pa vle non l site fè remake « Nòdès se youn nan depatman kovid-19 plis menase ».

»   Etazini : nan yon jounen, prèske 53 000 moun kontamine ak Kowonaviris

Sendikalis Dominique Saint-Eloi ki li menm tou manifeste dezakò li ak desizyon gouvènman an di  » li nesesè pou egzekitif gen garanti rekòmandasyon Ministè sante piblik ak popilasyon (MSPP) yo ap rèspekte » avan li mande ouvriye yo retounen travay. Dominique Saint-Eloi kwè tou gouvènman dwe mete bis disponib pou transpòte ouvriye ak ouvriyèz yo epi bay yon prim [lajan] pou risk yo pral pran nan antrepriz yo.

Enpòtan poun siyale Leta ayisyen te mande fèmen tout antrepriz k ap travay nan sektè tektil yo nan moman te genyen sèlman 2 moun ki enfekte ak nouvo kowonaviris la. Pou kounye a, epidemi a gentan touye ofisyèlman 3 moun epi 43 kontamine, daprè MSPP.

»   Premye minis Jouthe pase lòd pou “tout moun mete mask depi semèn k ap vini an”

Kreyòl Enfo

Pataje

  • WhatsApp
  • Tweet
  • Telegram
  • Plus
  • Imprimer
  • Partager sur Tumblr
  • Pocket
CODEVIKowonavirisOuvriyeSendikalisSonapi
Kreyòl Enfo

Anvan
Kowonaviris : nan 24 èd tan, prèske 2 600 moun mouri Etazini
Aprè
Etazini louvri yon ankèt pou gade si kowonaviris pa soti nan laboratwa peyi Lachin

ou ka enterese

Ijan : yon ajan sekirite Palè nasyonal tonbe...

16/10/2019

Mibalè : yon jèn gason tonbe anba bal,...

25/11/2019

Gonayiv, lameri tanmen rekonstwi yon pon kite kraze...

27/11/2018

Masak Lasalin : 64 moun mouri pami yo...

03/12/2018

Tansyon nan vil Monwi : yon komisarya ak...

28/01/2019

Ayiti-Deblozay : 4 moun blese anba bal, plizyè...

27/09/2019

Anel, chèf gang Vilaj Dedye, nan tèt yon...

13/02/2019

Lekòl pa fonksyone, wòch ap tire : panik...

11/02/2019

Dyaspora : Ayiti resevwa 2,98 milya dola transfè...

13/04/2019

IJAN : Mèt Bed-Ford Claude pran tèt pakè...

06/02/2021

#COVID19 #MSPPHaiti#UCRP

Mete kachnen!
Bay tout moun 3 pa distans!
Si n suiv konsèy otorite yo bay yo, n ap bare Kowonaviris! pic.twitter.com/aS3BPnmn39

— MINISTÈRE DE LA SANTÉ PUBLIQUE ET DE LA POPULATION (@MsppOfficiel) May 30, 2020

SA K AP DOMINE AKTYALITE A

  • Chili : yon jèn antreprenè ayisyen blese anba bal
    Chili : yon jèn antreprenè ayisyen blese anba bal
  • Pòdepè : 5 moun mouri nan yon aksidan machin mòn kayo
    Pòdepè : 5 moun mouri nan yon aksidan machin mòn kayo

KE sou Facebook

KE sou Facebook
Mes Tweets
  • Facebook
  • Twitter
  • Bloglovin

Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Retounen anwo
Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.