Kreyòl Enfo, 3 me 2020 .- Etazini pa sispann bay peyi Lachin rèsponsab pandemi nouvo kowonaviris la k ap fè ravaj nan tout mond la. Pandan yon entèvansyon nan televizyon BBC dimanch 3 me a, sekretè Leta ameriken an, Mike Pompeo, di « gen anpil prèv » se nan yon laboratwa Wuhan, vil kote epidemi an te premye eklate, viris ki pwovoke Kovid-19 la soti.

Toutfwa, ofisyèl ameriken an pat presize si « prèv » li di Etazini genyen yo montre se eksprè chinwa yo fè lage viris la oubyen si se yon aksidan.
Prezidan ameriken an, Donald Trump, pa janm rate okazyon pou lonje dwèt li sou Lachin kòm prensipal rèsponsab epidemi an. Trump menase plizyè fwa pou mete gwo sanksyon sou chinwa yo.
Yon seri akizasyon otorite chinwaz yo voye jete byen lwen. Lachin swete dirijan ameriken yo fè yon sèl ak rèsponsab lòt peyi yo pou konbat pandemi an.
Nouvo kowonaviris ka kontamine plis pase yon milyon 200 mil moun Etazini, pami yo 68 600 pèdi lavi yo. Se peyi kote epidemi fè plis dega.
Kreyòl Enfo