Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti

Kreyòl Enfo

Sous enfòmasyon an

  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Aktyalite

Kowonaviris-Ayiti : 281 moun kontamine epi 6 mouri pandan dènye 24 èd tan yo

👤 Kreyòl Enfo 30/05/202030/05/2020
Kreyòl Enfo 30/05/202030/05/2020

Kreyòl Enfo, 30 me 2020 .- Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) konfime, aswè samdi a, 281 nouvo moun kontamine ak kowonaviris la pandan dènye 24 èd tan yo. Epidemi an touye 6 lòt moun tou pandan menm peryòd la. Premye fwa tout moun sa yo viktim anba epidemi an nan yon jounen.

Kantite moun ki enfekte nan tout peyi a ogmante rive 1 865. Pami yo, gen 1 800 ka aktif, 41 mouri epi 24 lòt rive retabli anba maladi a, daprè bilten nimewo 60 MSPP a.

Sèlman nan Lwès, 253 moun kontamine pandan yon jounen. Sa ki ogmante kantite moun ki enfekte nan depatman an rive 1 494. Nan dènye 24 èd tan yo, 5 pami 6 moun ki mouri yo soti nan Lwès kote kovid-19 gentan touye 26 moun depi epidemi an eklate.

»   Kowonaviris : Ayiti gen plis viktim pase Etazini, Espay ak Lafrans, aprè premye mwa epidemi a.

Otorite lasante yo kontinye mande popilasyon an rèspekte tout prensip ijyèn ak sekirite yo tankou lave men tanzantan, touse nan koud, mete mask epi rete lakay.

Kreyòl Enfo

Pataje

  • WhatsApp
  • Tweet
  • Telegram
  • Plus
  • Imprimer
  • Partager sur Tumblr
  • Pocket
Depatman LwèsEpidemiKowonavirisMSPP
Kreyòl Enfo

Anvan
Kowonaviris touye yon Enspektè polis ki t ap travay nan Elektrisite Ayiti (EDH)
Aprè
Yon tranbleman tè mayitid 4.7 souke vil Okap ak tout rejyon nò a

ou ka enterese

Yon endividi yo sispèk ki t ap fouye...

14/12/2018

Okap : yon veye patriyotik pou prepare manifèstasyon...

17/11/2018

Fiziyad : 6 jèn gason tonbe anba bal...

01/12/2019

Petyonvil, 2 moun blese anba bal devan otèl...

09/01/2019

Mèt Gédéon Jean pote plent kont Michel Martelly...

25/03/2019

Ijan : nèg ak zam rantre nan sal...

16/01/2019

Senatè Gracia Delva sanble nan kòkòday ak chèf...

24/04/2019

Kowonaviris : majistra Wilson Jeudi pral distribiye 10...

05/05/2020

Yon nouvo biwo pran tèt Sena Repiblik la

14/01/2020

Lapolis fouke yon ansyen ajan ak inifòm USGPN

11/02/2019

#COVID19 #MSPPHaiti#UCRP

Mete kachnen!
Bay tout moun 3 pa distans!
Si n suiv konsèy otorite yo bay yo, n ap bare Kowonaviris! pic.twitter.com/aS3BPnmn39

— MINISTÈRE DE LA SANTÉ PUBLIQUE ET DE LA POPULATION (@MsppOfficiel) May 30, 2020

SA K AP DOMINE AKTYALITE A

  • Ensekirite : yon anplwaye UNICEF tonbe anba bal bandi Pòtoprens
    Ensekirite : yon anplwaye UNICEF tonbe anba bal bandi Pòtoprens
  • Pwotestasyon : vil Ench leve anba barikad kote sitwayen yo ap reklame kouran elektrik
    Pwotestasyon : vil Ench leve anba barikad kote sitwayen yo ap reklame kouran elektrik
  • IJAN : Louko Désir, animatè vedèt emisyon Maten deba, jwenn arèstasyon l
    IJAN : Louko Désir, animatè vedèt emisyon Maten deba, jwenn arèstasyon l
  • MOPOD  mande tout sektè mobilize pou fòse Jovenel Moise kite pouvwa a 7 fevriye 2021
    MOPOD mande tout sektè mobilize pou fòse Jovenel Moise kite pouvwa a 7 fevriye 2021
  • 26 moun ki pi rich nan mond la gen menm kantite lajan ak mwatye limanite, daprè Oxfam
    26 moun ki pi rich nan mond la gen menm kantite lajan ak mwatye limanite, daprè Oxfam
  • Dram : 6 moun mouri anba bal pandan yon seremoni vodou nan komin Senrafayèl
    Dram : 6 moun mouri anba bal pandan yon seremoni vodou nan komin Senrafayèl

KE sou Facebook

KE sou Facebook
Mes Tweets
  • Facebook
  • Twitter
  • Bloglovin

Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Retounen anwo
Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.