
Kreyòl Enfo, 13 2020 .- Lidè Pitit Desalin nan, Jean Charles Moise, ap rapouswiv ak distribisyon ekipman, dezenfekte lokal enstitisyon piblik epi sansibize popilasyon kont epidemi kowonaviris la, daprè sa kolaboratè Kreyòl Enfo konstate.
Aprè tout rejyon nò a, Jean Charles Moise ansanm ak ekip li gentan fè plizyè depatman nan zòn sid la tankou Nip, Sid ak Grandans. Jodi samdi a, karavàn Pitit Desalin nan te rive nan vil Jakmèl kote yo distribiye mask, pwodwi pou trete dlo epi dezenfekte lokal plizyè enstitisyon Leta.
Anpil sitwayen bat bravo pou inisyativ Pitit Desalin nan yo di ki kanpe bò kote popilasyon an nan moman difisil sa. Sitwayen sa yo repwoche plizyè lòt lidè politik yo di ki konnen pèp sèlman nan peryòd eleksyon.
Jean Charles Moise di li pare pou ale jiskobou nan batay kont kovid-19 la. Ansyen senatè Nò a envite tout sektè nan peyi a fè yon sèl pou ede popilasyon an pwoteje tèt li kont viris la ki deja gaye nan tout peyi a.
Dènye bilten Ministè Sante Piblik ak Popilasyon pibliye aswè samdi 13 jen an konfime 4 165 moun kontamine ofisyèlman ak nouvo kowonaviris la epi 70 mouri.
Kreyòl Enfo