Kreyòl Enfo, 9 me 2020 .- Gwoup k ap apiye rapatriye ak refijye yo (GARR, sig nan lang franse) rapòte 23 429 konpatriyòt ayisyen kouri kite Sendomeng akoz lamizè epidemi nouvo kowonaviris la pwovoke. Pou pi piti 4 350 pami yo pa sibi okenn kontwòl sanitè, daprè GARR.

Soti premye pou rive 30 avril, GARR konte 19 026 migran ki retounen nan peyi a sèlman pasaj ofisyèl yo. Sepandan, òganizasyon an konte 4 353 lòt ayisyen ki soti Repiblik Dominikèn epi retounen nan peyi nan divès pasaj ki pa ofisyèl yo.
Rèsponsab kominikasyon ak pledwaye nan Gwoup k ap apiye rapatriye ak refijye yo, Geralda Sainville Lubin, siyale «moun k ap viv nan zòn fwontyè yo ap viv ak anpil kè sote pou fason konpatriyòt yo ap rantre nan peyi a san kontwòl alòske epidemi kovid-19 la gaye Sendomeng». Li fè remake « se sèlman nan pasaj ofisyèl yo Leta ayisyen prepare kote pou moun k ap rantre yo lave men epi kontwole tenperati kò yo».
Kovid-19 deja touye 385 moun Repiblik Dominikèn, 9 882 kontamine. Plizyè santèn milye moun pèdi travay yo akoz epidemi an.
Kreyòl Enfo