Kreyòl Enfo, 13 avril 2020 .- Prezidan Jovenel Moise souliye, yon lòt fwa ankò, nesesite pou tout sitwayen mete mask nan lide pou anpeche nouvo kowonaviris la gaye nan tout peyi a.
Chèf Leta a ki fè konnen deja gen 3 milyon mask nan peyi a anonse gouvènman pran dispozisyon pou distribiye mask bay popilasyon an depi demen madi a. Jovenel Moise swete distribisyon yo kòmanse nan mache piblik yon manyè pou plis moun ka benefisye.
Prezidan Jovenel Moise fè konnen tou gen 15 mil blouz ak 5 mil galon « hydro-alcoolique » ki disponib nan peyi a. Chèf Leta mande tout ayisyen mete tèt ansanm pou kontrekare pandemi a.
Dènye bilan Ministè sante piblik ak popilasyon (MSPP) pibliye nan mitan jounen an konfime 3 moun deja mouri epi 40 kontamine ak kovid-19 la.
Kreyòl Enfo