Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti

Kreyòl Enfo

Sous enfòmasyon an

  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Aktyalite

Jovenel Moise voye jete tout lide pou l ta demisyone

👤 Kreyòl Enfo 09/02/2019
Kreyòl Enfo 09/02/2019

Kreyòl Enfo, 9 fevriye 2019 .- Prezidan Jovenel Moise voye jete, ayè vandredi a, tout posibilite pou l ta demisyone, malgre sitiyasyon latwoublay ki genyen nan kapital la ak plizyè lòt vil pwovens.

Chèf Leta a mande lidè ki nan opozisyon an rèspekte konstitisyon an epi prepare yo pou eseye pran pouvwa a pandan eleksyon pou pòs prezidan ki pral dewoule nan lane 2021.

Jovenel Moise, yon lòt fwa ankò, envite opozisyon patisipe nan dyalòg gouvènman an te lanse a. Pou prezidan Moise, yon bon chita pale nan mitan tout sektè nan peyi a se sèl mwayen ki ka retire Ayiti nan kriz l ap travèse jounen jodi a.

Chèf Leta a fè deklarasyon sa yo aprè yon rankont ak komèsan ki achte diri nan peyi etranje pou gade kòman yo ka bese pri a sou mache lokal la.

Depi 7 fevriye, gwo katchouboumbe pete nan kapital la ak divès lòt vil pwovens kote gen anpil manifestasyon ak vyolans pou fòse Jovenel Moise kite pouvwa a.

Kreyòl Enfo

Pataje

  • WhatsApp
  • Tweet
  • Telegram
  • Plus
  • Imprimer
  • Partager sur Tumblr
  • Pocket
Ayiti kriz
Kreyòl Enfo

Anvan
Yon dezyèm jounen tansyon nan kapital la
Aprè
Tansyon : san prezans lapolis, yon foul moun ki soti Kafou ap pran direksyon Channmas

ou ka enterese

Kowonaviris-Ayiti : prèske 100 moun kontamine nan yon...

17/05/2020

Mibalè, yon papa touye pitit li pou zafè...

21/12/2018

Gonayiv : Lameri entèdi lantèman militan Mécène Cenoble...

31/12/2019

Tansyon nan palman : sal seyans sena a...

23/09/2019

Ansyen depite Jean Fenel THANIS anba kòd pou...

06/03/2019

Yon sitwayen tonbe « anba bal Lapolis » nan komin...

19/09/2019

Reprezantan sekretè jeneral ONU an vizite senatè Lambert...

23/08/2019

Jakmèl : Kolektif 7 fevriye denonse « nèg ak...

17/02/2019

Etazini pral koupe viza etidyan etranje k ap...

06/07/2020

Jovenel Moise vle kraze palman an pou kache...

23/01/2020

#COVID19 #MSPPHaiti#UCRP

Mete kachnen!
Bay tout moun 3 pa distans!
Si n suiv konsèy otorite yo bay yo, n ap bare Kowonaviris! pic.twitter.com/aS3BPnmn39

— MINISTÈRE DE LA SANTÉ PUBLIQUE ET DE LA POPULATION (@MsppOfficiel) May 30, 2020

SA K AP DOMINE AKTYALITE A

  • Doktè Yves Cadet, espesyalis nan sekirite piblik, mouri britsoukou
    Doktè Yves Cadet, espesyalis nan sekirite piblik, mouri britsoukou
  • Ensekirite : 3 moun viktim nan yon fiziyad sou Channmas
    Ensekirite : 3 moun viktim nan yon fiziyad sou Channmas
  • Ensekirite : bandi kidnape yon enspektè polis epi egzije yon magogo lajan pou libere l
    Ensekirite : bandi kidnape yon enspektè polis epi egzije yon magogo lajan pou libere l
  • Dram : 6 moun mouri anba bal pandan yon seremoni vodou nan komin Senrafayèl
    Dram : 6 moun mouri anba bal pandan yon seremoni vodou nan komin Senrafayèl
  • MOPOD  mande tout sektè mobilize pou fòse Jovenel Moise kite pouvwa a 7 fevriye 2021
    MOPOD mande tout sektè mobilize pou fòse Jovenel Moise kite pouvwa a 7 fevriye 2021
  • Nouvo kabinè ministeryèl la fòme ak 9 fanm epi 9 gason
    Nouvo kabinè ministeryèl la fòme ak 9 fanm epi 9 gason
  • Depite yo voye jete demann mizannakizasyon Prezidan Jovenel Moise la
    Depite yo voye jete demann mizannakizasyon Prezidan Jovenel Moise la
  • IJAN : Louko Désir, animatè vedèt emisyon Maten deba, jwenn arèstasyon l
    IJAN : Louko Désir, animatè vedèt emisyon Maten deba, jwenn arèstasyon l
  • Ensekirite : Luckner "Louko" Désir blese anba bal bandi Latibonit
    Ensekirite : Luckner "Louko" Désir blese anba bal bandi Latibonit
  • Zile Kayimit, yon nouvo komin nan peyi a
    Zile Kayimit, yon nouvo komin nan peyi a

KE sou Facebook

KE sou Facebook
Mes Tweets
  • Facebook
  • Twitter
  • Bloglovin

Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Retounen anwo
Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.