
Kreyòl Enfo, 12 jen 2020.-
Nan lokazyon 25 lane Polis Nasyonal Ayiti a (PNH, sig nan lang franse), jodi vandredi 12 jen an, prezidan Jovenel Moïse wete chapo pou salye bon travay li di enstitisyon an ap fè nan peyi a.
Nan yon mesaj anrejistre ki pase sou Televizyon Nasyonal Ayiti (TNH Sig nan lang franse), chèf Leta a souliye jefò ajan fòs lòd yo ap fè pou depase tout difikilte yon mannyè pou rive bay popilasyon an sekirite. Li pran pou egzanp estrateji lapolis deplwaye pou ede sitwayen yo fè fas epidemi Kovid-19.
Prezidan an pwofite 25 lane PNH la pou denonse yon sektè li di k ap chèche divize enstitisyon an nan simaye zigzani nan mitan ajan yo. Jovenel Moise konseye polisye yo pa swiv okenn move lide ki depaman ak misyon enstitisyon an.
Prezidan Jovenel Moise mande direksyon jeneral lapolis la kontinye goumen pou rive jwenn konfyans popilasyon an. Se sèl mwayen, daprè chèf Leta a, pou enstitisyon an rive garanti sekirite nan tout peyi a.
Polis Nasyonal Ayiti a fete 25 lane nan yon moman kote bandi ak zam ap fè lalwa nan prèske tout depatman.
Kreyòl Enfo