
Kreyòl Enfo, 8 jiyè 2020.- Nan yon arete prezidansyèl ki pote dat 7 jiyè 2020, Prezidan Jovenel Moise nome sitwayen Lucsonne Janvier kòm nouvo majistra komin Pòtoprens. 2 lòt manm komisyon kominal majistra Ralph Youri Chevry t ap dirije a, Bernard Joseph ak Rose Michelle K. Bellabe, rete nan pòs yo pou ede nouvo majistra a nan administrasyon kapital la.
Lucsonne Janvier se yon ansyen kandida pou pòs depite nan premye sikonskripsyon Pòtoprens anba banyè Boukliye, yon pati alye pouvwa a Tèt Kale a. Mouche Janvier ta dwe dirije komisyon kominal la annatandan eleksyon yo.

Kreyòl Enfo