
Kreyòl Enfo, 8 jiyè 2020.- Prezidan Jovenel Moise nome atravè yon arete ki pibliye nan jounal ofisyèl Le Moniteur, 7 jiyè 2020 an, sitwayen Junior Bonheur nan tèt yon komisyon kominal pou dirije vil Tigwav. Junior Bonheur moun plis konnen sou non atis MC Junior se chantè yon gwoup mizikal ki rele Buzz.
Pou akonpaye MC Junior, Egzekitif la chwazi Vickson Corrioland ak Valéry Maurissaint kòm manm komisyon kominal sa. Junior Bonheur ta dwe dirije lameri Tigwav annatandan eleksyon kominal yo.
Administrasyon Jovenel Moise ak Joseph Jouthe la nome 141 komisyon kominal nan tout peyi a.
Kreyòl Enfo