Kreyòl Enfo, 12 fevriye 2021.- Octélus Dorvilien, Louiselmé Joseph ak Pierre Harry Alexis se non twa (3) jij Jovenel Moise nome nan Lakou kasasyon, daprè yon arete prezidansyèl ki pibliye nan jounal ofisyèl Le Moniteur vandredi 12 fevriye 2021 an. Jij sa yo nome pou ranplase Yvickel Dabrésil, Joseph Mécène Jean Louis ak Wendelle Coq Thelot prezidan konteste Jovenel Moise voye nan retrèt.
Enpòtan pou n siyale atik 175 konstitisyon 1987 la presize prezidan Repiblik la ap nome pou dis (10) lane jij Lakou kasasyon yo sou yon lis Sena a ap prezante ak twa (3) moun pou chak syèj.
Yon arete tout asosyasyon jij yo denonse. Asosyasyon Pwofesyonèl Majistra yo (APM) mande jij yo pa kite Egzekitif la fè yo tonbe nan komèt okenn zak ki pa rèspekte lalwa. Mèt Jean Wilner Morin ki nan tèt ANAMAH di li pral swiv ki jij nan Lakou a ki pral fasilite jij Jovenel Moise nome yo prete sèman.
Depi 7 fevriye ki sot pase a, dat manda Jovenel Moise fini daprè atik 134.2 konstitisyon an, sitwayen pa sispann manifeste nan divès vil peyi a pou denonse diktati yo di ansyen patwon Agritrans la vle enstale nan peyi a.
Kreyòl Enfo