
Kreyòl Enfo, 30 jen 2020.- Anviwon 10 endividi lajistis kondane pou kidnapig, vol, vyòl ak asasina pami 415 prizonye prezidan Jovenel Moise fè gras epi pase lòd pou libere nan yon arete 19 jen pase a. Plizyè sektè nan peyi a, pami yo Ofis Pwoteksyon Sitwayen (OPC, sig nan lang franse) leve vwa yo pou denonse mezi sa.
Nan yon lèt san kachte li voye bay prezidan Repiblik la, Pwotektè sitwayen di li gen gwo kè sote lè li aprann kriminèl ki pami prizonye ki benefisye gras yo. Mèt Renan Hedouville regrèt ansanm desizyon sa yo pran san egzekitif la pa kontakte Ofis proteksyon sitwayen ak anpil lòt enstans ki enplike nan zafè penal ayisyen an.
Derilus Cénat, yon endividi ki ta touye yon pitit gason l ak kout manchèt nan vil Mibalè (Sant) depi 24 desanm 2018, nan lis prizonye prezidan Jovenel Moise fè gras epi mande pou libere yo. Prezime kriminèl la poko te menm jije.
Kreyòl Enfo