
Kreyòl Enfo, 14 jen 2020.- Lwa 2 jen 1960 la konsakre chak dezyèm dimanch nan mwa jen pou jounen timoun ayisyen yo. Nan lokazyon jounen espesyal sa jodi 14 jen an, Enstiti byennèt sosyal ak rechèch (IBESR, sig nan lang franse) chwazi tèm « Pran swen tèt nou, pran swen timoun yo» pou komemore jounen sa nan tout 10 depatman peyi a.
Nan yon nòt ki rive jwenn redakasyon Kreyòl Enfo (KE), IBESR presize «tèm ane sa, nan mitan epidemi Kovid-19 la, mete aksan sou pwomosyon dwa timoun yo pandan li voye mesaj bay tout sitwayen ak enstitisyon ki nan lantouray yo oubyen k ap travay pou byennèt yo.»
Jounen timoun ayisyen yo ane sa se «lokazyon tou pou raple kèk prensip fondamantal ki dwe gide aksyon tout moun», toujou daprè nòt IBESR la ki souliye «timoun se gwo ajan devlòpman epi lafamiy se rasin tout sosyete.»
Enstiti byennèt sosyal ak rechèch kwè lafanmi dwe premye priyorite pou timoun yo. «Chak timoun dwe grandi nan yon fanmi». IBESR siyale pap gen lapè nan okenn sosyete kote yo pa bay timoun pwoteksyon ak posibilite pou devlope kapasite yo.
Pandan dènye mwa ki sot pase yo, Enstiti byennèt sosyal nan tèt kole ak lòt enstitisyon nan Leta a retire akreditasyon epi fèmen plizyè santèn ofelina nan peyi a. Gen lòd ki pase tou pou okenn endividi pa pran yon timoun ap mete nan yon lòt fanmi oubyen nan yon ofelina.
Kreyòl Enfo