Kreyòl Enfo, 23 avril 2020 .- Aprè 68 nan kòmansman mwa a, otorite amerikèn yo voye 128 lòt ayisyen retounen Pòtoprens, aprè midi mèkredi 23 avril la, malgre kriz Kovid-19 la. Direktè Ofis Nasyonal Migrasyon an, Delva Beaunheur, presize sitwayen ki fenk soti Etazini yo pa kriminèl, men se konpatriyòt ki te vwayaje nan peyi sa san papye legal.
Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) te voye machin pran tout 128 sitwayen sa yo epi mennen yo nan yon otèl pou pase peryòd karantèn nan, daprè enfòmasyon yon anplwaye ayewopò a konfime pou Kreyòl Enfo (KE). Toutfwa, anplwaye sa pat ka konfime si pwofesyonèl lasante yo te kontwole tenperati kò 128 moun sa yo nan moman yo t ap desann avyon an jan sa ye nan pwotokòl la.
Nan kòmansman mwa avril la, otorite amerikèn yo te deja depòte 68 ayisyen. Pami yo, 3 kontamine ak nouvo kowonaviris la.
Yon gwoup jounalis ki te vle fè repòtaj sou dosye a pat gen aksè ak ayewopò entènasyonal Tousen Louvèti. Direktè Ofis Nasyonal Migrasyon an eksplike yo pat prevwa jounalis nan pwotokòl ki etabli pou resevwa depòte yo.
Kreyòl Enfo