Kreyòl Enfo, 9 septanm 2019.- Jairzinho Saul Emmanuel Pieter, youn nan gadyen ekip foutbòl Kiraso a mouri, maten lendi a (9 septanm), nan otèl Marriott Pòtoprens.
Enfòmasyon yon manm Federasyon ayisyen foutbòl la (FHF, sig nan lang franse) pataje ak redaksyon Kreyòl Enfo fè kwè gadyen ekip Kiraso a ta mouri aprè yon kriz tansyon (AVC).
Jairzinho Saul Emmanuel Pieter, 31 lane, vale dlo bouch li yon jou aprè li fin debake nan peyi a ansanm ak rès manm delegasyon seleksyon foutbòl Kiraso a pou jwe match retou kont Grenadye yo 10 septanm sa a nan kad Lig nasyon zòn Konkakaf la.
Lanmò Jairzinho ki te chita sou ban pandan tout match ale a lage gwo dout sou match retou demen madi a nan estad Silvyo Cator.
Kreyòl Enfo