
Kreyòl Enfo, 9 jiyè 2020.- Yon gwo dife eklate, aswè jedi 9 jiyè a, nan vil Senmak, depatman Latibonit. Kolaboratè Kreyòl Enfo (KE) nan site Nisaj Sajè a konstate dife sa ki pran nan ri Bonè gentan boule plizyè kay.
Nan moman n ap ekri tèks la (11:15), dife a kontinye ap gaye nan zòn nan malgre mannèv popilasyon an ap fè ak bokit dlo. Okenn sèvis ponpye poko parèt pou tante tenyen dife sa k ap avanse sou ri Chavàn.
Sitwayen ki abite nan zòn kote dife a pran an gen kè yo sou biskèt. Poko genyen okenn enfòmasyon ofisyèl sou ni ki sa ki lakoz dife sa eklate nan kay yo ni si gen moun ki kangannen.
Otorite yo dwe fè tout sa ki posib pou anpeche dife sa fè plis dega.
Kreyòl Enfo