Kreyòl Enfo, 5 avril 2020 .- Nouvo kowonaviris la touye ofisyèlman yon premye moun sou tèritwa ayisyen an, daprè enfòmasyon Ministè sante piblik ak popilasyon (MSPP) konfime.
Viktim nan mouri nan lanwit samdi pou louvri dimanch 5 avril la nan yon lopital nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la. MSPP presize premye moun ki pèdi lavi l akoz kovid-19 Ayiti a se » yon gason » avoka nan bawo Pòtoprens ki gen 55 lane. Li ta deja ap soufri ak maladi sik ak tansyon .
Ministè sante piblik ak popilasyon (MSPP) fè konnen nan yon dènye bilten aswè samdi a gen 21 moun ki kontamine ak nouvo kowonaviris la Ayiti.
Kreyòl Enfo