Kreyòl Enfo, premye mas 2020 .- Ofisyèl, Repiblik Dominikèn konfime, jodi dimanch la, premye malad ak kowonaviris sou zile a. Rèsponsab lasante dominiken yo presize malad la se yon sitwayen italyen ki gen 61 lane.
Pou kounye a, sitwayen ki gen viris la ap pran laswenyay nan lopital militè Ramon Lara.
Kreyòl Enfo