Kreyòl Enfo, 2 mas 2019 .- Prezidan Repiblik la chwazi sitwayen Jouthe Joseph kòm nouvo premye minis. Chèf Leta a ki anonse nouvèl la sou kont twitè li maten lendi a fè kwè li chwazi Jouthe Joseph pou pran tèt primati a » aprè chita pale li fè ak plizyè sektè nan peyi a ».
Nouvo premye minis la dwe » fòme, nan yon tan ki pa twò long, yon gouvènman ouvèti ak konsansis ki ka reponn ak pwoblèm k ap bwase bil peyi a », toujou daprè sa ki nan twit prezidan Jovenel Moise la.
Jouthe Joseph se minis anviwònman epi minis ekonomi ak finans nan gouvènman ki deja demisyone Jean Michel Lapin t ap dirije a.
Kreyòl Enfo