
Kreyòl Enfo, 3 jiyè 2020 .- Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) pèdi youn nan manm li yo aprè midi vandredi 3 jiyè 2020 an. Nan yon lèt li voye bay prezidan Repiblik la, Jean Simon St-Hubert, remèt demisyon l kòm konseye elektoral aprè yon chita pale ak Sektè Dwa Moun li te reprezante nan enstitisyon an.
Nan lèt sa redaksyon Kreyòl Enfo (KE) gen yon kopi, Jean Simon St-Hubert di manda konsèy elektoral pwovizwa a te dwe fini touswit aprè enstalasyon prezidan Repiblik la nan lane 2017 pou fè plas ak yon enstitisyon pèmanan jan atik 289.3 konstitisyon Ayiti a mande sa. Li raple se konsansis nan mitan tout sektè yo ki te mete KEP a kanpe. » Malerezman, movèz fwa ak enkapasite chavire konsansis 2016 la ki te deja frajil « , daprè konsta Jean Simon St-Hubert.
Konseye ki demisyone a souliye Jovenel Moise ap dirije peyi a ak kout dekrè, san sipèvizyon yon pouvwa lejislatif. Pou Jean Simon St-Hubert, prezans Jovenel Moise sou pouvwa a se yon « koudeta ».
Nan non konstitisyon an, Jean Simon St-Hubert di li kore pozisyon òganizasyon nan sosyete sivil la, espesyalman gwoup li te reprezante nan KEP a, Platfòm Òganizasyon Ayisyèn k ap Defann Dwa Moun yo (POHDH, sig nan lang franse) ki reklame demisyon tout konseye elektoral yo.
Pou fini, mesye Saint-Hubert swete prezidan Jovenel Moise « pran bon desizyon pou libere pèp ayisyen an anba kriz gouvènans repiblikèn ak demokratik » l ap travèse jounen jodi a.
Jean Simon St-Hubert demisyone nan yon moman kote pouvwa egzekitif pa kache entansyon l pou òganize eleksyon pou senatè ak depite nan mwa oktòb k ap vini la a.

Kreyòl Enfo