Kreyòl Enfo, 20 novanm 2020.- Gwo latwoublay nan lari Pòtoprens nan mitan jounen vandredi 20 novanm 2020 an. Polisye ak lòt endividi ki nan « Fantom 509 » deja boule anviwon 10 machin nan kapital la.
Kolaboratè Kreyòl Enfo (KE) ki nan lari a konstate pou pi piti 7 machin ki gen plak Sèvis Leta (SE) deja pase anba flanm dife nan zòn Lali. Yon gwo kamyon ki t ap transpòte machandiz boule tou.
Manm Fantom 509 yo ki gen kagoul nan tèt ak gwo zam nan men yo ap reklame ogmantasyon sou salè polisye ak pi bon kondisyon travay.
Kreyòl Enfo