Kreyòl Enfo, 26 me 2020 .- Direktè jeneral Polis Nasyonal Ayiti a, Normil Rameau, kontamine ak nouvo kowonaviris la, daprè enfòmansyon yon sous nan enstitisyon an pataje ak redaksyon Kreyòl Enfo (KE). Chèf kabinè Direktè jeneral la, Frantz Sébastien Jean Charles, enfekte tou ak viris la.

De (2) gwo chèf nan Polis Nasyonal Ayiti a (PNH, sig nan lang franse) ki fenk kontamine yo pa santi gwo sentòm. Pou kounye a, Direktè jeneral la Normil Rameau ansanm ak chèf kabinè li Frantz Sébastien Jean-Charles nan izòlman, toujou daprè menm sous la ki presize tout manm Direksyon jeneral PNH la ap fè tès kovid-19 la.
Semèn pase a, chèf enspeksyon jeneral PNH la, Hervé Julien, te konfime li trape maladi a. Pou pi piti 2 polisye deja mouri ak sentom kovid-19 yo nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la.
Izòlman gwo chèf sa yo pral gen konsekans sou fonksyònman lapolis la ?
Kreyòl Enfo