Kreyòl Enfo, 29 fevriye 2020 .- Pou pi piti dis (10) moun pèdi lavi yo anba bal bandi, aprè midi samdi a, nan ri Doktè Obri ak ri Dèmirak, anba lavil Pòtoprens. Plizyè lòt sitwayen soti blese pandan fiziyad sa.
Enfòmasyon kèk temwen pataje ak redaksyon Kreyòl Enfo (KE) presize se yon gwoup nèg ak zam ki ta soti nan zòn Lakwa ki debake, sou motosiklètki, epi simen katouch sou tout sitwayen ki t ap regle aktivite yo nan mache a.
Temwen an eksplike gen 6 moun ki mouri lapoula, 4 lòt rann dènye souf yo pandan kèk sitwayen t ap fè mannèv pou kouri ak yo lopital. Pami viktim yo ta gen plizyè jèn gason ki abitye ranje telefòn bò katedral, anba lavil la.
Nan moman n ap ekri tèks la (6:30), viktim yo ap benyen nan san yo. Malgre tout dispozisyon otorite yo anonse nan laprès, bandi kontinye ap taye banda nan peyi a.
Kreyòl Enfo