
Kreyòl Enfo, 21 jiyè 2020.- Mèkredi 15 jiyè pase a, endividi ki t ap pwoteste kont nominasyon komisyon kominal Gwomòn nan (Latibonit) boule de (2) kamyon lameri. Yon kamyon rèsponsab meri a te konn itilize pou ranmase fatra ak yon gwo bis konpayi eskolè Diyite te pase anba flanm dife pandan mouvman pwotestasyon sa.
Komisè gouvènman Gonayiv la, Mèt Serard Gasius, anonse pakè a deja tanmen yon ankèt pou idantifye tout sispèk ki ta mele nan detwi materyèl piblik sa yo. Lajistis nan jiridiksyon an deja mete plizyè manda kont sispèk yo, daprè enfòmasyon komisè a.
Chèf pakè nan tribinal sivil Gonayiv la bay garanti zak sa yo pap rete san pini nan jiridiksyon an. Mèt Sérard Gasius raple lapolis resevwa lòd pou fouke tout bandi k ap simen latwoublay sou kèlkeswa fòm nan rejyon an.
Komisè a mande popilasyon an kolabore ak otorite yo pou fasilite travay la. Mèt Gasius fè kwè san bourad popilasyon an, travay polisye pap ka bay bon rezilta.
Kreyòl Enfo