Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti

Kreyòl Enfo

Sous enfòmasyon an

  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Aktyalite

Gwo malè pandye sou pwodiksyon sèl nan Latibonit

👤 Kreyòl Enfo 13/07/201913/07/2019
Kreyòl Enfo 13/07/201913/07/2019

Kreyòl Enfo, 12 jiyè 2019.- Peyizan k ap travay nan pwodiksyon sèl nan depatman Latibonit la sitou nan zòn Salin Raboto, Gonayiv, ap fè fas ak anpil difikilte nan dènye tan sa yo.

Pandan yon virewon Kreyòl Enfo fè nan rejyon an, sitwayen Limage Frantz k ap travay nan sektè a eksplike pwoblèm wout pou machin vin pran sèl la ansanm ak lapli ki pa tonbe se 2 pi gwo pwoblèm yo rankontre nan salin Raboto.

Limage Frantz ki raple pwodiksyon sèl se pi gwo mwayen yo genyen pou rantre yon ti lajan nan kanton an regrèt otorite nan Leta a pa bay okenn ankadreman ak pwodiktè ki nan rejyon an.

»   Leyogàn : yon gwoup abitan touye epi boule 6 moun yo sispèk nan vòlò bèf

Bien-Aime Ralph Jacques Edouard, yon lòt peyizan ki gen basen pou pwodwi sèl, sou bò pal, plenyen pou travayè ki prèske pa genyen pou ede nan pwodiksyon an. Mouche Édouard fè kwè pi fò moun ki te konn travay nan sektè a kouri kite peyi a. Li regrèt genyen pami moun sa yo ki prefere pran kanmtè malgre malè ki pandye sou tèt yo nan mitan lanmè.

Peyizan an prevwa pwodiksyon sèl la kapab kraze nan Latibonit si otorite yo pa pote konkou ba yo nan sektè a.

Kreyòl Enfo

Pataje

  • WhatsApp
  • Tweet
  • Telegram
  • Plus
  • Imprimer
  • Partager sur Tumblr
  • Pocket
PeyizanPwodiksyon sèlSalin Raboto
Kreyòl Enfo

Anvan
Anplwaye DDO tanmen yon grèv grangou pou fòse Leta peye yo 24 mwa
Aprè
Tenis : Simona Halep chanpyon Wimbledon epi anpeche Serena Williams bat yon lòt rekò

ou ka enterese

Ayiti-kowonaviris : bank komèsyal yo ap louvri pandan...

27/03/2020

Toutouni, etidyan nan Inivèsite Leta a pran lari...

03/12/2018

Kowonaviris : direktè jeneral DINEPA a, Guito Edouard,...

17/05/2020

Prizon, 3 000 goud amann : Leta prevwa...

23/05/2020

Prezidan Jovenel Moïse kondane lanmò jounalis Rospide Pétion

11/06/2019

Kowonaviris : yon grefye mouri, tout aktivite sispann...

02/06/2020

Kowonaviris : aprè rejyon nò a, karavàn Pitit...

13/06/2020

Leyogàn : yon gwoup abitan touye epi boule...

23/11/2020

Ayiti : 7 nouvo moun kontamine ak kowonaviris

06/05/2020

Kowonaviris : chèf enspeksyon jeneral polis la kontamine

20/05/2020

#COVID19 #MSPPHaiti#UCRP

Mete kachnen!
Bay tout moun 3 pa distans!
Si n suiv konsèy otorite yo bay yo, n ap bare Kowonaviris! pic.twitter.com/aS3BPnmn39

— MINISTÈRE DE LA SANTÉ PUBLIQUE ET DE LA POPULATION (@MsppOfficiel) May 30, 2020

SA K AP DOMINE AKTYALITE A

  • IJAN : Yon elèv lise pèdi lavil anba bal nan komin Monwi
    IJAN : Yon elèv lise pèdi lavil anba bal nan komin Monwi
  • Kídnaping-Kafou : bandi kidnape yon elèv lekòl Bazil Mowo, abitan nan zòn nan bloke wout nasyonal nimewo 2 a
    Kídnaping-Kafou : bandi kidnape yon elèv lekòl Bazil Mowo, abitan nan zòn nan bloke wout nasyonal nimewo 2 a
  • Pwotestasyon-Taba : manifestasyon kont kidnaping nan lantouray anbasad amerikèn
    Pwotestasyon-Taba : manifestasyon kont kidnaping nan lantouray anbasad amerikèn
  • Latwoublay nan komin Kafou aprè bandi fin kidnape yon elèv lekòl 10 lane
    Latwoublay nan komin Kafou aprè bandi fin kidnape yon elèv lekòl 10 lane
  • Kafou : elèv lekòl Bazil Mowo bandi te kidnape maten an libere
    Kafou : elèv lekòl Bazil Mowo bandi te kidnape maten an libere
  • Kidnaping-Kafou : bandi fè dappiyanp sou yon elèv lekòl kominal, lise Anri Kristòf leve kanpe
    Kidnaping-Kafou : bandi fè dappiyanp sou yon elèv lekòl kominal, lise Anri Kristòf leve kanpe
  • IJAN : Senatè Nenel Cassy ak plizyè militan politik jwenn arèstasyon yo nan vil Miragwàn
    IJAN : Senatè Nenel Cassy ak plizyè militan politik jwenn arèstasyon yo nan vil Miragwàn
  • Okap : bandi ak zam mete dife nan plis pase 12 kay nan zòn Shada 2
    Okap : bandi ak zam mete dife nan plis pase 12 kay nan zòn Shada 2
  • Ensekirite : yon anplwaye UNICEF tonbe anba bal bandi Pòtoprens
    Ensekirite : yon anplwaye UNICEF tonbe anba bal bandi Pòtoprens
  • Dram : 6 moun mouri anba bal pandan yon seremoni vodou nan komin Senrafayèl
    Dram : 6 moun mouri anba bal pandan yon seremoni vodou nan komin Senrafayèl

KE sou Facebook

KE sou Facebook
Mes Tweets
  • Facebook
  • Twitter
  • Bloglovin

Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Retounen anwo
Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.