Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti

Kreyòl Enfo

Sous enfòmasyon an

  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Aktyalite

Grèv Sektè demokratik popilè te lanse a pa rèspekte

👤 Kreyòl Enfo 26/11/2018
Kreyòl Enfo 26/11/2018

Pòtoprens, lendi 26 novanm 2018 .- Tout aktivite ap fonksyone nan kapital la, maten lendi 26 novanm nan, malgre modòd grèv Sektè demokratik popilè ak divès òganisyon te lanse a.

Nan laviwonn y ap fè nan Pòtoprens ak lantouray li, kolaboratè Kreyòl Enfo yo konstate, bò 9 :15 maten, pòt lekòl louvri, kamyonèt ak tibis ap transpòte moun nan divès estazyon nan zòn metwopolitèn nan.

Anpil ti machann mete komès yo deyò epi mache piblik ki louvri nan kòmansman jounen an.

Kreyòl Enfo konstate tou gen plizyè gwo biznis tankou makèt, magazen, labank ak estasyon gaz ki louvri pòt yo.

Sektè demokratik ak popilè a nan tèt kole ak plizyè òganisyon politik te lanse mouvman grèv la pou lendi 26 ak madi 27 novanm lan epi anonse yon manifestasyon mèkredi 28 novanm nan pou kontinye egzije demisyon prezidan Jovenel Moïse.

»   2 jounen grèv kèk sendika chofè te lanse kont grangou ak lamizè a pa respekte

Pataje

  • WhatsApp
  • Tweet
  • Telegram
  • Plus
  • Imprimer
  • Partager sur Tumblr
  • Pocket
grèvlekòl
Kreyòl Enfo

Anvan
Sendika asosyasyon pwopriyetè ak chofè Ayiti yo pap swiv modòd grèv opozisyon an
Aprè
4 ajan dwànye mouri Malpas : ADH mande jistis

ou ka enterese

Gwo tansyon nan katye Kafouyèy, aprè nouvèl lanmò...

10/01/2019

Edzer Joseph pran tèt Direksyon rejyonal OAVCT nan...

17/04/2020

IJAN : chanm depite a voye Premye minis...

18/03/2019

Pòtoprens-Ensekirite : yon jèn gason tonbe anba bal

23/06/2019

Prezidan Jovenel Moïse kondane lanmò jounalis Rospide Pétion

11/06/2019

IJAN : Rockfeller Vincent ranplase Lucmane Delile nan...

09/07/2020

Gonayiv : sitwayen pran lari pou kondane eskonbrit...

15/11/2018

Aprè ensidan mwa desanm yo, yon nouvo komisè...

08/01/2019

Youn nan 3 depòte ki enfekte ak kowonaviris...

23/04/2020

SPNH bay yon delè 6 èd tan pou...

14/05/2020

#COVID19 #MSPPHaiti#UCRP

Mete kachnen!
Bay tout moun 3 pa distans!
Si n suiv konsèy otorite yo bay yo, n ap bare Kowonaviris! pic.twitter.com/aS3BPnmn39

— MINISTÈRE DE LA SANTÉ PUBLIQUE ET DE LA POPULATION (@MsppOfficiel) May 30, 2020

SA K AP DOMINE AKTYALITE A

  • Ensekirite : yon anplwaye UNICEF tonbe anba bal bandi Pòtoprens
    Ensekirite : yon anplwaye UNICEF tonbe anba bal bandi Pòtoprens
  • Pwotestasyon : vil Ench leve anba barikad kote sitwayen yo ap reklame kouran elektrik
    Pwotestasyon : vil Ench leve anba barikad kote sitwayen yo ap reklame kouran elektrik
  • IJAN : Louko Désir, animatè vedèt emisyon Maten deba, jwenn arèstasyon l
    IJAN : Louko Désir, animatè vedèt emisyon Maten deba, jwenn arèstasyon l
  • MOPOD  mande tout sektè mobilize pou fòse Jovenel Moise kite pouvwa a 7 fevriye 2021
    MOPOD mande tout sektè mobilize pou fòse Jovenel Moise kite pouvwa a 7 fevriye 2021
  • 26 moun ki pi rich nan mond la gen menm kantite lajan ak mwatye limanite, daprè Oxfam
    26 moun ki pi rich nan mond la gen menm kantite lajan ak mwatye limanite, daprè Oxfam
  • Dram : 6 moun mouri anba bal pandan yon seremoni vodou nan komin Senrafayèl
    Dram : 6 moun mouri anba bal pandan yon seremoni vodou nan komin Senrafayèl

KE sou Facebook

KE sou Facebook
Mes Tweets
  • Facebook
  • Twitter
  • Bloglovin

Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Retounen anwo
Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.