Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti

Kreyòl Enfo

Sous enfòmasyon an

  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Aktyalite

Grèv jeneral : yon moun mouri, 2 lòt blese anba bal

👤 Kreyòl Enfo 16/09/201916/09/2019
Kreyòl Enfo 16/09/201916/09/2019

Kreyòl Enfo, 16 septanm 2019.- Yon jèn gason tonbe anba bal, jodi lendi a (16), nan komin Kafou pandan premye jounen grèv jeneral kont lamizè ak pwoblèm gaz ki manke nan ponp yo.

Viktim nan ki rele Vladimir Fédé resevwa plizyè bal nan moman lapolis t ap tante retire barikad, kawotchou, gwo wòch ak fatra pwotestatè yo itilize pou bare lari a.

Manifestan yo lonje dwèt sou yon gwoup polisye (bakòp) k ap travay nan komisarya Omega (Kafou) yo di ki rèsponsab lanmò jèn gason sa. 2 lòt sitwayen soti blese tou pandan jounen mobilizasyon an.

Move kou kong, pwotestatè yo kalonnen ajan fòs lòd yo ak anpil kout wòch. Manifestan yo te vlope kadav Vladimir Fédé epi al depoze l devan komisarya Omega a. Pou gaye foul la, lapolis te itilize anpil gaz lakrimojèn. Pizyè sitwayen jwenn arèstasyon tou pandan jounen an.

Pandan tout jounen lendi a, tout aktivite te paralize nan kapital la ak plizyè lòt vil peyi a. Lekòl, biwo piblik, labank ak magazen pat fonksyone anpil kote nan peyi a.

Kreyòl Enfo

Pataje

  • WhatsApp
  • Tweet
  • Telegram
  • Plus
  • Imprimer
  • Partager sur Tumblr
  • Pocket
DikiniKomisarya OmegaVladimir Fédé
Kreyòl Enfo

Anvan
Yon jounalis blese ak kout kouto nan vil Jakmèl
Aprè
Ensekirite : Bandi ak zam touye yon polisye Taba

ou ka enterese

Ernso Bolivar, yon kad nan MJSAC, touye madanm...

18/07/2019

Monwi : 2 jèn gason mouri nan lanmè...

02/09/2020

Fanmi Lavalas jete tout lide pou patisipe nan...

02/07/2020

Eskandal seksyèl nan sant Kwadèboukè a : patwon...

05/05/2020

Plizyè moun mouri nan yon tèrib aksidan Mibalè

17/07/2019

Gonayiv : pou konbat ensekirite a, komisè gouvènman...

11/03/2019

IJAN : 5 polisye ki t ap siveye...

11/09/2020

Ijan : Dram sou wout ayewopò, 8 moun...

21/11/2018

Pou lapolis, se 3 moun sèlman ki mouri...

17/11/2018

Dola monte : pòt magazen fèmen nan vil...

05/02/2019

#COVID19 #MSPPHaiti#UCRP

Mete kachnen!
Bay tout moun 3 pa distans!
Si n suiv konsèy otorite yo bay yo, n ap bare Kowonaviris! pic.twitter.com/aS3BPnmn39

— MINISTÈRE DE LA SANTÉ PUBLIQUE ET DE LA POPULATION (@MsppOfficiel) May 30, 2020

SA K AP DOMINE AKTYALITE A

  • Kídnaping-Kafou : bandi kidnape yon elèv lekòl Bazil Mowo, abitan nan zòn nan bloke wout nasyonal nimewo 2 a
    Kídnaping-Kafou : bandi kidnape yon elèv lekòl Bazil Mowo, abitan nan zòn nan bloke wout nasyonal nimewo 2 a
  • Latwoublay nan komin Kafou aprè bandi fin kidnape yon elèv lekòl 10 lane
    Latwoublay nan komin Kafou aprè bandi fin kidnape yon elèv lekòl 10 lane
  • Pwotestasyon-Taba : manifestasyon kont kidnaping nan lantouray anbasad amerikèn
    Pwotestasyon-Taba : manifestasyon kont kidnaping nan lantouray anbasad amerikèn
  • Kidnaping-Kafou : bandi fè dappiyanp sou yon elèv lekòl kominal, lise Anri Kristòf leve kanpe
    Kidnaping-Kafou : bandi fè dappiyanp sou yon elèv lekòl kominal, lise Anri Kristòf leve kanpe
  • Ensekirite : yon anplwaye UNICEF tonbe anba bal bandi Pòtoprens
    Ensekirite : yon anplwaye UNICEF tonbe anba bal bandi Pòtoprens
  • Miragwàn : manifestasyon pou egzije liberasyon senatè Nenel Cassy
    Miragwàn : manifestasyon pou egzije liberasyon senatè Nenel Cassy
  • Okap : bandi ak zam mete dife nan plis pase 12 kay nan zòn Shada 2
    Okap : bandi ak zam mete dife nan plis pase 12 kay nan zòn Shada 2
  • IJAN : Senatè Nenel Cassy ak plizyè militan politik jwenn arèstasyon yo nan vil Miragwàn
    IJAN : Senatè Nenel Cassy ak plizyè militan politik jwenn arèstasyon yo nan vil Miragwàn
  • Dram : 6 moun mouri anba bal pandan yon seremoni vodou nan komin Senrafayèl
    Dram : 6 moun mouri anba bal pandan yon seremoni vodou nan komin Senrafayèl
  • IJAN : Francois Anick Joseph, ansyen senatè Latibonit, mouri britsoukou nan peyi Kanada
    IJAN : Francois Anick Joseph, ansyen senatè Latibonit, mouri britsoukou nan peyi Kanada

KE sou Facebook

KE sou Facebook
Mes Tweets
  • Facebook
  • Twitter
  • Bloglovin

Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Retounen anwo
Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.