Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti

Kreyòl Enfo

Sous enfòmasyon an

  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Aktyalite

Grèv jeneral : aktivite yo bloke nan Pòtoprens

👤 Kreyòl Enfo 16/09/201916/09/2019
Kreyòl Enfo 16/09/201916/09/2019

Kreyòl Enfo,16 septanm 2019.- Tout aktivite prèske bloke nan kapital la (Pòtoprens) ak komin ki antoure l yo, jodi lendi a (16), akoz grèv jeneral sendika chofè ak divès lòt sektè te lanse pou denonse pwoblèm gaz ki pa genyen nan ponp yo.

Maten an (7:30), kolaboratè Kreyòl Enfo k ap virewon nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan konstate pòt lekòl yo rete fèmen. Kèk grenn elèv ki te pran lari a byen bonè te oblije retounen lakay yo.

Transpò piblik la prèske pa fonksyone nan kapital la maten lendi an. Sitwayen ki pral regle aktivite yo oblije mache plizyè kilomèt oubyen peye motosiklèt. Se sèlman kèk grenn machin prive ki pran lari a.

»   Yon lòt fwa ankò, tout aktivite bloke nan kapital la

Kawoutchou deja ap boule nan plizyè katye nan Pòtoprens. Zòn Nazon, pwotestatè yo mete gwo barikad pou bare wout. Anpil wòch ap tire nan zòn Pòtay Leyogàn.

Nan mache Kriswa, yon gwoup pwotestatè gaye nan mitan lari a tout bak machann yo konn mete machandiz pou vann. Endividi ki kache nan koridò ap tire wòch ak boutèy nan mache a tou.

Depi plis pase 2 semèn popilasyon an ap fè fas ak pwoblèm gaz ki pa genyen nan ponp yo. Yon sitiyasyon ki kreye gwo latwoublay kote sitwayen oblije ap mache ak galon nan tout lari pou bouske gaz.

Premye minis ki deja demisyone a, Michel Lapin, te anonse, yon bato gaz ta dwe rantre nan peyi a pandan jounen lendi a.

»   2 jounen grèv kèk sendika chofè te lanse kont grangou ak lamizè a pa respekte

Kreyòl Enfo

Pataje

  • WhatsApp
  • Tweet
  • Telegram
  • Plus
  • Imprimer
  • Partager sur Tumblr
  • Pocket
grèvPwoblèm gaz
Kreyòl Enfo

Anvan
Ijan : yon jwè ekip foutbòl Kiraso a mouri nan yon otèl Pòtoprens
Aprè
Yon jounalis blese ak kout kouto nan vil Jakmèl

ou ka enterese

Ayiti-politik : yon minis Tèt Kale pwovoke gwo...

23/09/2020

Leta dwe anplwaye Etajenewo sekteryèl yo 5 mwa

26/02/2019

Kowonaviris : aprè rejyon nò a, karavàn Pitit...

13/06/2020

Ayiti : « G9 en famille et alliés » mande...

08/07/2020

Yon ajan USGPN mouri anndan lokal Palè nasyonal

21/05/2020

IJAN : Jean Simon St-Hubert kite KEP a...

03/07/2020

Lapolis : chanjman nan Direksyon depatmantal lwès

17/11/2018

Toutouni, etidyan nan Inivèsite Leta a pran lari...

03/12/2018

Gonayiv : pou konbat ensekirite a, komisè gouvènman...

11/03/2019

Koperasyon : bato-lopital USNS tanmen 5e misyon li...

04/11/2019

#COVID19 #MSPPHaiti#UCRP

Mete kachnen!
Bay tout moun 3 pa distans!
Si n suiv konsèy otorite yo bay yo, n ap bare Kowonaviris! pic.twitter.com/aS3BPnmn39

— MINISTÈRE DE LA SANTÉ PUBLIQUE ET DE LA POPULATION (@MsppOfficiel) May 30, 2020

SA K AP DOMINE AKTYALITE A

  • Yon etidyan Fakilte Syans Moun (FASCH) blese anba bal lapolis
    Yon etidyan Fakilte Syans Moun (FASCH) blese anba bal lapolis
  • IJAN : Yon elèv lise pèdi lavil anba bal nan komin Monwi
    IJAN : Yon elèv lise pèdi lavil anba bal nan komin Monwi
  • Kafou : elèv lekòl Bazil Mowo bandi te kidnape maten an libere
    Kafou : elèv lekòl Bazil Mowo bandi te kidnape maten an libere
  • Gonayiv : pwotestasyon yon gwoup chofè kamyon pou reklame lajan yo te transpòte prizonye
    Gonayiv : pwotestasyon yon gwoup chofè kamyon pou reklame lajan yo te transpòte prizonye
  • Kídnaping-Kafou : bandi kidnape yon elèv lekòl Bazil Mowo, abitan nan zòn nan bloke wout nasyonal nimewo 2 a
    Kídnaping-Kafou : bandi kidnape yon elèv lekòl Bazil Mowo, abitan nan zòn nan bloke wout nasyonal nimewo 2 a
  • Pwotestasyon-Taba : manifestasyon kont kidnaping nan lantouray anbasad amerikèn
    Pwotestasyon-Taba : manifestasyon kont kidnaping nan lantouray anbasad amerikèn
  • Ensekirite : yon anplwaye UNICEF tonbe anba bal bandi Pòtoprens
    Ensekirite : yon anplwaye UNICEF tonbe anba bal bandi Pòtoprens
  • Kidnaping-Kafou : bandi fè dappiyanp sou yon elèv lekòl kominal, lise Anri Kristòf leve kanpe
    Kidnaping-Kafou : bandi fè dappiyanp sou yon elèv lekòl kominal, lise Anri Kristòf leve kanpe
  • Opozisyon an anonse 2 jounen grèv ak yon  manifestasyon pou senmenn nan
    Opozisyon an anonse 2 jounen grèv ak yon manifestasyon pou senmenn nan
  • 2 jèn fi pami yo yon polisyè mouri nan aksidan machin
    2 jèn fi pami yo yon polisyè mouri nan aksidan machin

KE sou Facebook

KE sou Facebook
Mes Tweets
  • Facebook
  • Twitter
  • Bloglovin

Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Retounen anwo
Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.