Gonayiv, 21 janvye 2019 .- Yon gwoup pwofesè lekòl denonse, pandan yon konferans pou laprès wikenn nan, lamizè ak ensekirite ki anvayi depatman Latibonit la.
Mèt Belony Philippe ki t ap pale nan non pwofesè yo eksplike sitwayen nan depatman Latibonit la about anba lavi chè, grangou, chomaj, blakawout. Pwofesè Philippe fè kwè moun ka mouri anba grangou si pa gen anyen ki fèt pou soulaje popilasyon an. Pwofesyonèl nan edikasyon sa panse lajan ameriken an ki pa sispann monte se youn nan rezon ki lakoz pri manje grenpe konsa.
Nan yon rapò Bank Mondyal pibliye nan lane 2018 la, òganizasyon an atire atansyon otorite yo sou plizyè milyon ayisyen ki anba menas grangou.
Sou dosye ensekirite a, komisè gouvènman Gonayiv la, mèt Sérard Gazius, Lameri Gonayiv ansanm ak Delegasyon depatmantal Latibonit la sou yon ansanm mezi ki pral pran pou frennen zak ensekirite yo nan site lendepandans la.
Docteur Rolguy