Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti

Kreyòl Enfo

Sous enfòmasyon an

  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Aktyalite

Grandans : popilasyon an touye yon prezime bandi epi fouke 3 lòt remèt lapolis

👤 Kreyòl Enfo 02/11/202002/11/2020
Kreyòl Enfo 02/11/202002/11/2020

Kreyòl Enfo 2 novanm 2020.- Yon gwoup sitwayen nan komin Abriko, depatman Grandans, mete lapat sou kat (4) jèn gason, jodi lendi a (2), ki te nan yon machin sispèk ak plak dominiken. Youn nan prezime bandi yo pèdi lavi l anba kout manchèt abitan nan zòn nan ki te move kou kong lanmè. Yo mare lòt twa yo epi remèt yo bay lapolis nan depatman Grandans la.

Daprè enfòmasyon yon abitan nan komin nan pataje ak redaksyon Kreyòl Enfo (KE), endividi ki te nan machin nan te genyen plizyè gwo zam fann fwa nan men yo. Li fè kwè jèn gason sa yo ta bandi k ap chèche tabli baz yo nan depatman an.

»   Ensekirite : zam ap chante sou Bèlè (Pòtoprens) pandan fèt Pèpetyèl sekou a

 » Nou pa ka tolere bandi vin taye banda nan komin nan tankou y ap fè Pòtoprens « , pawòl yon abitan Abriko. Li rapouswiv pou di  » si Leta pa pran rèsponsabilite l, nou (yo) menm n ap jere vagabon ».

Zak ensekirite yo pa sispann ogmante prèske nan tout peyi a pandan ane 2020 an. Pandan wikenn nan, bandi kidnape epi touye Evelyne Sincère, 21 lane, nan komin Dèlma (Lwès). Yon krim ki endiye prèske tout sosyete a k ap mande otorite yo sispann tete lang bandi.

Kreyòl Enfo

Pataje

  • WhatsApp
  • Tweet
  • Telegram
  • Plus
  • Imprimer
  • Partager sur Tumblr
  • Pocket
AbrikobandiensekiriteGrandans
Kreyòl Enfo

Anvan
Ayiti : absans Palman an, yon boulva pou machin ensekirite a
Aprè
IJAN : Léon Charles ranplase Normil Rameau nan tèt Polis Nasyonal Ayiti a

ou ka enterese

Grèv jeneral : yon moun mouri, 2 lòt...

16/09/2019

Anbasab amerikèn mande yon gwoup anplwaye kite Ayiti

30/11/2018

Fanmi Lavalas jete tout lide pou patisipe nan...

02/07/2020

Ayiti : 7 nouvo moun kontamine ak kowonaviris

06/05/2020

Stéphane Durant pèdi djòb li yon jou aprè...

07/05/2020

Ayiti-Tansyon : Site Solèy, manifestan kalonnen baz UDMO...

25/09/2019

Siklòn Laura : alèt nan nivo vijilans wouj...

23/08/2020

Ayiti : 21 lòt moun kontamine ak nouvo...

07/05/2020

IJAN : Direktè jeneral lapolis la ak tout...

26/05/2020

Pòtoprens tanmen yon lòt semèn « lòk » pou fòse...

28/10/2019

#COVID19 #MSPPHaiti#UCRP

Mete kachnen!
Bay tout moun 3 pa distans!
Si n suiv konsèy otorite yo bay yo, n ap bare Kowonaviris! pic.twitter.com/aS3BPnmn39

— MINISTÈRE DE LA SANTÉ PUBLIQUE ET DE LA POPULATION (@MsppOfficiel) May 30, 2020

SA K AP DOMINE AKTYALITE A

  • Doktè Yves Cadet, espesyalis nan sekirite piblik, mouri britsoukou
    Doktè Yves Cadet, espesyalis nan sekirite piblik, mouri britsoukou
  • Ensekirite : 3 moun viktim nan yon fiziyad sou Channmas
    Ensekirite : 3 moun viktim nan yon fiziyad sou Channmas
  • Ensekirite : bandi kidnape yon enspektè polis epi egzije yon magogo lajan pou libere l
    Ensekirite : bandi kidnape yon enspektè polis epi egzije yon magogo lajan pou libere l
  • Dram : 6 moun mouri anba bal pandan yon seremoni vodou nan komin Senrafayèl
    Dram : 6 moun mouri anba bal pandan yon seremoni vodou nan komin Senrafayèl
  • MOPOD  mande tout sektè mobilize pou fòse Jovenel Moise kite pouvwa a 7 fevriye 2021
    MOPOD mande tout sektè mobilize pou fòse Jovenel Moise kite pouvwa a 7 fevriye 2021
  • Nouvo kabinè ministeryèl la fòme ak 9 fanm epi 9 gason
    Nouvo kabinè ministeryèl la fòme ak 9 fanm epi 9 gason
  • Depite yo voye jete demann mizannakizasyon Prezidan Jovenel Moise la
    Depite yo voye jete demann mizannakizasyon Prezidan Jovenel Moise la
  • IJAN : Louko Désir, animatè vedèt emisyon Maten deba, jwenn arèstasyon l
    IJAN : Louko Désir, animatè vedèt emisyon Maten deba, jwenn arèstasyon l
  • Ensekirite : Luckner "Louko" Désir blese anba bal bandi Latibonit
    Ensekirite : Luckner "Louko" Désir blese anba bal bandi Latibonit
  • Zile Kayimit, yon nouvo komin nan peyi a
    Zile Kayimit, yon nouvo komin nan peyi a

KE sou Facebook

KE sou Facebook
Mes Tweets
  • Facebook
  • Twitter
  • Bloglovin

Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Retounen anwo
Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.