Pòtoprens, 5 fevriye 2019 .- Pandan 33e Konsèy minis yo, aswè madi a, gouvènman an anonse « ijans ekonimik » nan tout peyi a. Se yon desizyon ki vize amelyore kondisyon lavi popilasyon an, daprè premye minis Jean Henry Céant.
Gen de (2) rezolisyon ki pote presizyon sou yon ansanm mezi pouvwa a pran pandan « ijans ekonomik » sa.
Nan premye rezolisyon, gouvènman pwopoze pou diminye pri kèk pwodwi sou mache a épi ranfòse pwojè sosyal yo.
Nan dezyèm rezolisyon an, pouvwa a sispann tout franchiz ladwàn, sibvansyon ak yon seri lòt avantaj jouk rive 9 septanm.
Prezidan Jovenel Moïse pase gouvènman an lòd tou pou fè rèspekte dekrè 7 avril 2017 la ki bay onz (11) mezi pou diminye depans Leta a.
Pouvwa tèt kale a pran desizyon sa 2 jou avan manifestasyon jeneral ki anonse sou tout peyi a.
Kreyœl Enfo