
Kreyòl Enfo, 30 jen 2020.- Sendika anplwaye Inivèsite piblik Latibonit nan Gonayiv (SYNE/UPAG), enstale ofisyèlman madi 30 jen 2020 an. Prensipal misyon estrikti sa se defann enterè tout moun k ap travay nan inivèsite a epi pote kole pou enstitisyon an ka akonpli misyon li kòmsadwa, daprè kòdonatè jeneral sendika a Keren-Happuc Othélot.
Pòt pawòl Sendika anplwaye Inivèsite piblik latibonit la nan Gonayiv la (SYNE/UPAG) di yo deja konstate anpil move pratik nan administrasyon inivèsite a. Roobens Joseph denonse move kondisyon travay kòlèg li yo ak gagòt li di k ap fèt nan administrasyon an.
Manm sendika yo plede pou yon refòm anndan inivèsite a yo kwè k ap nan enterè tout moun. Pou sendikalisyo, UPAG se yon patrimwàn piblik ki pa dwe ap fonksyone sou mitan kriz.
Kreyòl Enfo