Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti

Kreyòl Enfo

Sous enfòmasyon an

  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Sekirite

Gonayiv : preparasyon ap fèt pou resevwa prizonye otorite yo te deplase aprè evènman 8 novanm 2019 la

👤 Kreyòl Enfo 28/04/202028/04/2020
Kreyòl Enfo 28/04/202028/04/2020

Kreyòl Enfo, 28 avril 2020 .- Depi aprè tantativ yon gwoup prizonye te fè pou sove nan prizon sivil Gonayiv 8 novanm 2019 la, otorite yo te deplase epi mete tout prizonye ki te nan lokal la nan prizon divès komin nan rejyon an.

Reparasyon nan prizon sivil Gonayiv la

Nan lide pou pèmet prizonye sa yo retounen nan prizon an, majistra vil la, Neil Latortue, anonse gen gwo travay k ap fèt nan lokal la ki nan zòn Byennak. Majistra bay garanti prizon an ap gen plis sekirite ak pi bon kondisyon pou prizonye yo.

« Nou ranfose travay yo aprè sak te rive ane pase a [tantativ pou sove]. Gen yon enjenyè ki la ak tout ekip li ap travay nan selil yo », daprè Neil Latortue ki presize « avan, lokal la te gen 7 selil, kounye a li pral 10 ».

»   Gonayiv : yon fòmasyon espesyal pou jounalis sou kowonaviris

Premye sitwayen site lendepandans ajoute « gen travay k ap fèt tou pou amelyore kondisyon prizon an tankou, pano solèy, batri pou inveter ak lòt materyèl ».

Plizyè dizèn prizonye otorite nan depatman an te deplase depi mwa novanm 2019 la, ta dwe retounen nan pi gwo prizon Gonayiv la pandan semèn nan.

Kreyòl Enfo

Pataje

  • WhatsApp
  • Tweet
  • Telegram
  • Plus
  • Imprimer
  • Partager sur Tumblr
  • Pocket
GonayivLatibonitprizonPrizonye Sove
Kreyòl Enfo

Anvan
Gonayiv : yon gwoup anplwaye CAN sakaje sant izòlman pou malad Kovid-19 la
Aprè
Kowonaviris : difikilte pou rèsponsab lasante yo louvri sant izòlman pou resevwa malad yo

ou ka enterese

Lapolis fouke yon dam ak 45 kilogram « marijuana »...

22/06/2020

Jakmèl-Sekirite : Lapolis sezi yon dividal zam fann...

05/07/2020

Militè ayisyen pral deplòtonnen nan fwontyè Ayiti ak...

11/08/2020

Lapolis mete lapat sou chèf gang « Djouma », yon...

03/09/2020

Pòtoprens : nan tèt kole ak sòlda lame...

17/12/2020

#COVID19 #MSPPHaiti#UCRP

Mete kachnen!
Bay tout moun 3 pa distans!
Si n suiv konsèy otorite yo bay yo, n ap bare Kowonaviris! pic.twitter.com/aS3BPnmn39

— MINISTÈRE DE LA SANTÉ PUBLIQUE ET DE LA POPULATION (@MsppOfficiel) May 30, 2020

SA K AP DOMINE AKTYALITE A

  • IJAN : Yon elèv lise pèdi lavil anba bal nan komin Monwi
    IJAN : Yon elèv lise pèdi lavil anba bal nan komin Monwi
  • Kídnaping-Kafou : bandi kidnape yon elèv lekòl Bazil Mowo, abitan nan zòn nan bloke wout nasyonal nimewo 2 a
    Kídnaping-Kafou : bandi kidnape yon elèv lekòl Bazil Mowo, abitan nan zòn nan bloke wout nasyonal nimewo 2 a
  • Pwotestasyon-Taba : manifestasyon kont kidnaping nan lantouray anbasad amerikèn
    Pwotestasyon-Taba : manifestasyon kont kidnaping nan lantouray anbasad amerikèn
  • Latwoublay nan komin Kafou aprè bandi fin kidnape yon elèv lekòl 10 lane
    Latwoublay nan komin Kafou aprè bandi fin kidnape yon elèv lekòl 10 lane
  • Kidnaping-Kafou : bandi fè dappiyanp sou yon elèv lekòl kominal, lise Anri Kristòf leve kanpe
    Kidnaping-Kafou : bandi fè dappiyanp sou yon elèv lekòl kominal, lise Anri Kristòf leve kanpe
  • Miragwàn : manifestasyon pou egzije liberasyon senatè Nenel Cassy
    Miragwàn : manifestasyon pou egzije liberasyon senatè Nenel Cassy
  • Ensekirite : yon anplwaye UNICEF tonbe anba bal bandi Pòtoprens
    Ensekirite : yon anplwaye UNICEF tonbe anba bal bandi Pòtoprens
  • IJAN : Senatè Nenel Cassy ak plizyè militan politik jwenn arèstasyon yo nan vil Miragwàn
    IJAN : Senatè Nenel Cassy ak plizyè militan politik jwenn arèstasyon yo nan vil Miragwàn
  • Okap : bandi ak zam mete dife nan plis pase 12 kay nan zòn Shada 2
    Okap : bandi ak zam mete dife nan plis pase 12 kay nan zòn Shada 2
  • Ensekirite : yon gwoup jenn fanm tonbe nan fouye moun anba lavil (Pòtoprens)
    Ensekirite : yon gwoup jenn fanm tonbe nan fouye moun anba lavil (Pòtoprens)

KE sou Facebook

KE sou Facebook
Mes Tweets
  • Facebook
  • Twitter
  • Bloglovin

Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Retounen anwo
Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.