Kreyòl Enfo, 2 desanm 2019.- Komisè gouvènman Gonayiv la, Mèt Serard Gasius, lanse manda pou lapolis arete epi mennen ba li plis pase 20 sitwayen ki nan opozisyon ak pouvwa Tèt Kale a nan site lendepandans la.
Komisè a lanse manda sa yo aprè virewon ansyen depite Delma/Taba a, Arnel Belizaire, te fè nan vil Gonayiv semèn pase a kote li te rankontre ak plizyè lidè opozisyon an nan katye Raboto epi patisipe nan yon manifestasyon. Chèf pakè Gonayiv la repwoche militan politik yo kòmkwa yo ta resevwa zam nan men Arnel Belizaire pou kreye latwoublay nan vil la.
Raphael Clavanet Marado se non youn nan manm opozisyon an ki genyen manda kont li, daprè Komisè gouvènman an ki raple lapolis resevwa lòd pou mete anba kòd tout moun ki gen manda dèyè yo. Komisè konseye tout moun ki gen zam ilegal kouri pote yo bay lajistis si yo pa vle fèmen nan prizon.
Mèt Serard Gasius pwomèt l ap tabli lapè nan vil la epi pèmèt popilasyon an reprann tout aktivite li nan yon ti tan ki pa twò lwen. Chèf pakè siyale gen plizyè inite espesyalize nan Lapolis la ki deja prezan nan site lendepandans la pou fouke tout moun ki ta vle fè deblozay.
Pati politik Ayiti An Aksyon (AAA) ansanm lòt sektè nan opozisyon an anonse yon kòkennchenn manifèsyasyon nan vil Gonayiv 5 Desanm k ap vini la a toujou nan lide pou fòse Jovenel Moise demisyone nan tèt Leta a.
Kreyòl Enfo
