Gonayiv, madi 4 desanm 2018. Lajistis nan vil Gonayiv deja pran tout dispozisyon pou pwosè Clifford Brandt la demare jodi madi 4 desanm 2018 la. Chèf pakè a, Sérard Gasius, konfime prezime kidnapè a deja nan site lendepandans la.
Gen dispozisyon ki pran pou ranfòse sekrite nan vil la pandan dewoulman pwosè a. Mèt Sérard Gasius anonse polisye ap deplòtonnen nan tout lantouray tribinal kriminèl Gonayiv la pou anpeche tout endividi ki ta gen move entansyon vin simen latwoublay pandan jijman an.
Chèf pakè Gonayiv la konfime tou gen 3 moun ki jwenn arestasyon yo nan kad ankèt k ap mennen sou zèfèyis ki te mete dife devan lokal pakè a senmenn pase a.
Docteur Rolguy