
Kreyòl Enfo, 17 jen 2020.- Malgre otorite yo anonse depi ayè madi a yon bato gaz rive nan peyi a, chofè ak pwopriyetè machin toujou ap monte maswife pou achte gaz nan prèske tout depatman nan peyi a. Gwo eskonbrit pete nan mitan sitwayen yo devan plizyè ponp ki te louvri jodi mèkredi a.
Nan depatman Nip, pri tout kous machin ak motosiklèt gentan monte. Nan plizyè komin depatman an gen sitwayen k ap vann gaz nan galon, daprè sa kolaboratè yo Kreyòl Enfo konstate. Yon pratik rèsponsab Pwoteksyon Sivil yo di ki reprezante gwo danje pou moun k ap vann nan ak lòt sitwayen ki nan lantouray li.
Pòtoprens, gen sitwayen ki peye 500 goud pou yon galon gaz ki te konn vann 225 goud. Chofè machin ak pasaje nan gwo bouch louvri tou akoz pri kous yo ki monte nan zòn metwopolitèn nan.
Yon sitwayen ki t ap virewon nan kapital ak yon galon jòn dèyè gaz kritike gouvènman Joseph Jouthe la li di ki « pa fè anyen pou anpeche pwoblèm sa repete nan peyi a». Li regrèt «sitwayen yo oblije rasanble pil sou pil pou bouske gaz nan mitan yon epidemi vyolan tankou Kowonaviris la».
Depi yè madi a, Sekretè Leta kominikasyon an, Eddy Jackson Alexis, anonse yon bato gaz rive nan tèminal Thor a ak 2 000 baril gazolin epi 40 000 kerozèn. 24 èd tan aprè anons sa, ponp yo toujou pa gen gaz.
Direktè Jeneral BMPAD la, Fils-Aimé Ignace Saint-Fleur bay antrepriz prive ki distribiye gaz yo rèsponsab pwoblèm nan. Pou Fils-Aimé Ignace Saint-Fleur pwoblèm gaz la atifisyèl.
Kreyòl Enfo