Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti

Kreyòl Enfo

Sous enfòmasyon an

  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Aktyalite

Fiziyad : 6 jèn gason tonbe anba bal Kafou, abitan zòn nan lonje dwèt sou lapolis

👤 Kreyòl Enfo 01/12/201901/12/2019
Kreyòl Enfo 01/12/201901/12/2019

Kreyòl Enfo, premye desann 2019 .- Sis (6) jèn gason pèdi lavi yo pandan yon fiziyad nan lanwit samdi pou louvri dimanch premye desann 2019 la nan katye Maryani, komin Kafou.

Kèk abitan nan zòn nan ki pale ak redaksyon Kreyòl Enfo (KE) lonje dwèt sou lapolis. Sitwayen sa yo fè kwè se yon gwoup endividi ki te  » nan yon machin Lapolis san plak ki simen katouch sou yon gwoup jèn ki te reyini nan katye a. »

Youn nan lidè opozisyon an, Mèt André Michel di  » masak Maryani ak lòt katye popilè yo rantre nan kad estrateji pouvwa a pou kraze mobilizasyon pèp la k ap egzije demisyon Jovenel Moise. »

»   Pòtoprens : nan tèt kole ak sòlda lame Ayiti a, lapolis ap rapouswiv ak operasyon kont bandi yo nan Vilajdedye

André Michel raple plis pase 50 jèn deja pèdi lavi yo depi kòmansman pwotestasyon kont pouvwa Tèt Kale a. Li konseye popilasyon an rete mobilize pou kouri dèyè Jovenel Moise li di ki vle tabli yon diktati nan peyi a.

Twa (3) lòt jèn gason ki te soti blese pandan fiziyad sa ap resevwa laswenyay sou kabann lopital, daprè yon notab nan zòn nan.

Malgre plizyè tantativ nan telefòn, okenn rèsponsab nan Lapolis la poko vle reyaji sou dosye a.

Kreyòl Enfo

Pataje

  • WhatsApp
  • Tweet
  • Telegram
  • Plus
  • Imprimer
  • Partager sur Tumblr
  • Pocket
FiziyadlapolisMaryaniMasak
Kreyòl Enfo

Anvan
Ijan : ansyen depite Arnel Belizaire jwenn arèstasyon l nan vil Jakmèl
Aprè
Ijan : yon enspektè jeneral polis tonbe anba bal bandi Pòtoprens

ou ka enterese

MINUJUSTH ap kite peyi a nan mwa oktòb,...

23/01/2019

IJAN : prèske 1 500 moun mouri ak...

03/04/2020

Brezil, plis pase 1 000 moun deja mouri...

10/04/2020

Kot kòb PetwoKaribe a ? : moun Okap...

08/09/2018

Manifestasyon Okap: yon fanm 65 lane tonbe anba...

04/10/2019

Kowonaviris : Itali depase 21 mil mò, 602...

14/04/2020

Atis ayisyèn Yama Laurent, chanpyon  » The Voice »...

05/01/2019

Gonayiv : lapolis mobilize pou ouvèti pwosè Clifford...

04/12/2018

Senmak : lapolis dekouvri yon dezyèm kagezon zam...

04/09/2020

ANAPOHA, yon dezyèm sendika ki pran nesans nan...

14/05/2020

#COVID19 #MSPPHaiti#UCRP

Mete kachnen!
Bay tout moun 3 pa distans!
Si n suiv konsèy otorite yo bay yo, n ap bare Kowonaviris! pic.twitter.com/aS3BPnmn39

— MINISTÈRE DE LA SANTÉ PUBLIQUE ET DE LA POPULATION (@MsppOfficiel) May 30, 2020

SA K AP DOMINE AKTYALITE A

  • Ensekirite : yon anplwaye UNICEF tonbe anba bal bandi Pòtoprens
    Ensekirite : yon anplwaye UNICEF tonbe anba bal bandi Pòtoprens
  • Pwotestasyon : vil Ench leve anba barikad kote sitwayen yo ap reklame kouran elektrik
    Pwotestasyon : vil Ench leve anba barikad kote sitwayen yo ap reklame kouran elektrik
  • Doktè Yves Cadet, espesyalis nan sekirite piblik, mouri britsoukou
    Doktè Yves Cadet, espesyalis nan sekirite piblik, mouri britsoukou
  • IJAN : Louko Désir, animatè vedèt emisyon Maten deba, jwenn arèstasyon l
    IJAN : Louko Désir, animatè vedèt emisyon Maten deba, jwenn arèstasyon l
  • Ensekirite : 3 moun viktim nan yon fiziyad sou Channmas
    Ensekirite : 3 moun viktim nan yon fiziyad sou Channmas
  • Masak Lasalin : 64 moun mouri pami yo 16 fanm ak 6 timoun, daprè RNDDH
    Masak Lasalin : 64 moun mouri pami yo 16 fanm ak 6 timoun, daprè RNDDH
  • Latibonit : chèf gang Savyen an sèmante l ap touye jounalis Pradel Alexandre
    Latibonit : chèf gang Savyen an sèmante l ap touye jounalis Pradel Alexandre
  • Lanmò : rèsponsab zafè jiridik nan Fakilte dwa ak syans ekonomik la (FDSE) mouri
    Lanmò : rèsponsab zafè jiridik nan Fakilte dwa ak syans ekonomik la (FDSE) mouri
  • Masak Lasalin : Lajistis entèdi 2 gwo chabrak nan pouvwa Tèt Kale a kite peyi a
    Masak Lasalin : Lajistis entèdi 2 gwo chabrak nan pouvwa Tèt Kale a kite peyi a
  • Pòtoprens, bandi ak zam touye yon jèn gason anndan machin li
    Pòtoprens, bandi ak zam touye yon jèn gason anndan machin li

KE sou Facebook

KE sou Facebook
Mes Tweets
  • Facebook
  • Twitter
  • Bloglovin

Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Retounen anwo
Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.