Kreyòl Enfo, 8 oktòb 2019 .- Prezidan Repiblik la, Jovenel Moise, prezante atravè yon kominike, aswè madi a, yon lis sèt (7) moun pou mennen dyalòg ak opozisyon an nan lide pou » jwenn yon solisyon ki ka retire peyi a nan kriz la. »
Nan lis sa gen 6 gason ak yon fanm pami yo ansyen Premye Minis Evans paul, ansyen senatè Jean Rodolphe Joazile ak konseye espesyal Chèf Leta a, Renald Luberice.
Daprè kominike sa Sekretè jeneral palè a Lyonel Valbrun siyen, Prezidan Jovenel Moise « detèmine pou fè tout sa ki posib pou pèmèt Ayiti retounen sou chimen estabilite, pwogrès sosyal, ekonomik ak politik. »
Prensipal lidè nan opozisyon an kontinye di yo pap diskite ak Jovenel Moise si se pa pou planifye kòman l ap kite pouvwa a.
Kreyòl Enfo