Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti

Kreyòl Enfo

Sous enfòmasyon an

  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Entènasyonal

Etazini : Polisye ki asasinen George Floyd la jwenn arèstasyon l

👤 Kreyòl Enfo 29/05/202029/05/2020
Kreyòl Enfo 29/05/202029/05/2020

Kreyòl Enfo, 29 me 2020.- Polisye Derek Chauvin ki te mete ajenou sou kou ameriken nwa George Floyd jouk li toufe nan vil Minneapolis, Etazini, jwenn arèstasyon l jodi vandredi a (29), daprè komisè John Harrington, nan depatman Sekirite sivil Minnesota. Derek Chauvin pral reponn pou omisid ak asasina nan twazyèm degre.

Polisye Derek Chauvin

Nan yon kominike, fanmi Floyd di akizasyon kont Chauvin yo « byenvini », men yo pa sifi. Fanmi an egzije yo akize Derek Chauvin pou omisid nan premye degre ( lè lotè a konnen zak l ap komèt ka lakoz lanmò), epi akize fòmèlman lòt polisye ki te akonpaye l yo.

Fanmi an anonse tou yo deja pran kontak ak yon medsen lejis prive pou reyalize otopsi kadav George Floyd, paske yo pa kwè nan pwofesyonèl ki nan lapolis Minnesota yo.

»   Kowonaviris : Etazini ap voye 2 avyon pou fasilite tout sitwayen ameriken ki Ayiti rantre nan peyi yo

Lanmò jèn gason ameriken nwa sa aprè yon polisye blan te fin arete l lakoz gwo latwoublay nan peyi Etazini. Minneapolis, vil kote polisye blan an komèt krim nan, manifestan mete dife nan plizyè lokal biwo Leta. Nan vil Nouyòk, plizyè dizèn manifestan jwenn arèstasyon yo pandan yo t ap twoke kòn yo ak lapolis.

Kreyòl Enfo

Pataje

  • WhatsApp
  • Tweet
  • Telegram
  • Plus
  • Imprimer
  • Partager sur Tumblr
  • Pocket
Ameriken nwaDerek ChauvinEtaziniGeorge FloydMinneapolisPolisye blan
Kreyòl Enfo

Anvan
Kowonaviris : Trump mete bout nan relasyon Etazini ak OMS
Aprè
Yon gwo biznisman mouri nan penitansye nasyonal ak tout sentom kovid-19 yo

ou ka enterese

IJAN : Krakatoa, youn nan vòlkan ki plis...

11/04/2020

Etazini louvri yon ankèt pou gade si kowonaviris...

17/04/2020

Itali : 368 moun mouri ak kowonaviris pandan...

15/03/2020

Kowonaviris touye 627 moun pandan yon jounen nan...

20/03/2020

Yon ayisyen mouri aprè 2 jou li pase...

09/10/2018

Sitiyasyon difisil nan peyi Brezil, kowonaviris touye 751...

08/05/2020

Aprè 738 pandan jounen an, Espay depase Lachin...

25/03/2020

Angletè, premye minis Boris Johnson entène lopital ak...

05/04/2020

Etazini : kowonaviris touye 3 176 moun pandan...

24/04/2020

Kowonaviris : Trump mete bout nan relasyon Etazini...

29/05/2020

#COVID19 #MSPPHaiti#UCRP

Mete kachnen!
Bay tout moun 3 pa distans!
Si n suiv konsèy otorite yo bay yo, n ap bare Kowonaviris! pic.twitter.com/aS3BPnmn39

— MINISTÈRE DE LA SANTÉ PUBLIQUE ET DE LA POPULATION (@MsppOfficiel) May 30, 2020

SA K AP DOMINE AKTYALITE A

  • Chili : yon jèn antreprenè ayisyen blese anba bal
    Chili : yon jèn antreprenè ayisyen blese anba bal
  • Pòdepè : 5 moun mouri nan yon aksidan machin mòn kayo
    Pòdepè : 5 moun mouri nan yon aksidan machin mòn kayo

KE sou Facebook

KE sou Facebook
Mes Tweets
  • Facebook
  • Twitter
  • Bloglovin

Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Retounen anwo
Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.