Kreyòl Enfo, 14 avril 2020 .- Peyi Etazini viv pi move jounen li, jouk kounye a, anba pandemi kovid-19 la jodi madi 14 avril la. Dènye bilan Inivèsite Johns Hopkins pibliye aswè a montre nouvo kowonaviris la touye 2 228 moun pandan dènye 24 èd tan yo.
Kantite moun ki mouri yo ogmante aprè 2 jou kote kantite a t ap diminye. Pandemi an gentan touye plis pase 26 mil moun Etazini, peyi ki gen plis viktim pase tout lòt. Kantite moun ki kontamine ak viris la gentan 595 mil.
Plizyè konpatriyòt ayisyen k ap viv Etazini sitou nan zòn New York ak New Jersey viktim anba kovid-19 la.
Kreyòl Enfo