Kreyòl Enfo, 31 mas 2020 .- Prezantatè vedèt emisyon » Cuomo Prime Times » sou CNN, Chris Cuomo, anonse jodi a, sou rezo sosyal yo, li kontamine ak nouvo kowonaviris la. Chris Cuomo se ti frère gouvènè Eta New York la, Andrew M. Cuomo.
Jounalis la ki konfime li nan izòlman lakay li, toutfwa pwomèt l ap kontinye prezante emisyon an. Chris Cuomo ekri sou twitè » nan moman difisil sa ki sanble ap vin pi difisil epi konplike chak jou ki pase, mwen fenk dekouvri mwen kontamine ak kowonaviris ».
Prezantatè a kontinye pou di » dènye jou sa yo mwen t ap fwote ak anpil moun ki aprè te vin dekouvri yo enfekte. Epi, mwen vin kòmanse santi lafyèv, frison ak pwoblèm pou rèspire ». Cuomo fini pou di » mwen espere mwen pa kontamine timoun yo ak Cristina. Yon bagay ki t ap fè m mal anpil ».
Etazini, kowonaviris gentan kontamine plis pase 188 600 moun, 3 846 mouri epi 7 068 lòt geri. New York se Eta pandemi a plis touche. Prèske mil moun gentan pèdi lavi yo nan Eta sa.
Kreyòl Enfo