Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti

Kreyòl Enfo

Sous enfòmasyon an

  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Aktyalite

Etazini depòte Emmanuel « Toto » Constant, ansyen lidè FRAPH

👤 Kreyòl Enfo 23/06/202023/06/2020
Kreyòl Enfo 23/06/202023/06/2020
Ajan DCPJ ki fouke Toto Constant pandan li fenk debake nan ayewopò a (foto entènèt)

Kreyòl Enfo, 23 jen 2020.- Ansyen lidè Fwon pou Avansman ak Pwogrè Ayisyen yo (FRAPH, sig nan lang franse), Emmanuel « Toto » Constant debake Pòtoprens, jodi mad23 jen an, nan yon vòl espesyal imigrasyon amerikèn. Ajan Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) mete lapat sou Toto Constant depi nan ayewopò entènasyonal Tousen Louvèti.

Enfòmasyon yon sous nan lapolis pataje ak redaksyon Kreyòl Enfo (KE) fè kwè kriminèl la deja nan penitansye nasyonal aprè li te fin reponn kesyon DCPJ pandan sèlman kèk minit.

Ansyen lidè FRAPH yo te fèmen nan yon prizon Nouyòk, Etazini, kote administrasyon amerikèn nan mete gwo kriminèl ki reprezante yon menas pou sosyete a. Lajistis repwoche Emmanuel « Toto » Constant ak òganizasyon li a (FRAPH) pou plizyè krim ak mesak yo komèt sou popilasyon ayisyèn nan aprè koudeta kont prezidan Jean Bertrand Aristide 30 septann 1991.

»   Etazini : Polisye ki asasinen George Floyd la jwenn arèstasyon l

Otorite amerikèn yo depòte kriminèl la malgre minis afè etranjè Ayiti a, Claude Joseph, te anonse dirijan ayisyen ak ameriken yo jwenn yon antant pou kontinye kenbe Toto Constant Etazini.

Pandemi nouvo kowonaviris la pa anpeche Etazini kontinye ap depòte ayisyen yo estime ki pa ranpli kondisyon pou rete sou tèritwa yo. Pandan 3 dènye mwa, anviwon 4 avyon imigrasyon amerikèn gentan debake Pòtoprens. Pou pi piti, 3 pami konpatriyòt sa yo rive nan peyi a tou kontamine ak kovid-19.

Kreyòl Enfo

Pataje

  • WhatsApp
  • Tweet
  • Telegram
  • Plus
  • Imprimer
  • Partager sur Tumblr
  • Pocket
DepòteEmmanuel "Toto" ConstantEtaziniFRAPHKoudetaKriminèl
Kreyòl Enfo

Anvan
Lapolis fouke yon dam ak 45 kilogram « marijuana » nan vil Aken
Aprè
Yon tanbleman tè mayitid 7.5 souke peyi Meksik

ou ka enterese

Stéphane Durant pèdi djòb li yon jou aprè...

07/05/2020

Ayiti Latwoublay : yon jèn gason tonbe nan...

10/02/2019

Yon gwoup depite egzije senatè Joseph Lambert mande...

07/12/2018

Ofisyèl : Lakou dèkont remèt Sena Repiblik la...

31/01/2019

Ayiti – Kòripsyon : Jovenel Moise rankontre jij...

07/09/2018

Yon lòt fwa ankò, moun Kafou pran lari

10/02/2019

Arnel Belizaire, ansyen depite Dèlma-Taba, pran tèt yon...

29/11/2019

Tansyon nan vil Monwi : yon komisarya ak...

28/01/2019

Yon gwoup polisye manifeste Pòtoprens, plizyè estann boule...

17/02/2020

Pòtoprens, plizyè antrepriz prive ak enstitisyon piblik zakaje

10/02/2019

#COVID19 #MSPPHaiti#UCRP

Mete kachnen!
Bay tout moun 3 pa distans!
Si n suiv konsèy otorite yo bay yo, n ap bare Kowonaviris! pic.twitter.com/aS3BPnmn39

— MINISTÈRE DE LA SANTÉ PUBLIQUE ET DE LA POPULATION (@MsppOfficiel) May 30, 2020

SA K AP DOMINE AKTYALITE A

  • Kidnaping : Powèt "Ti Nèg" ansanm ak 2 dominiken bandi te kidnape semèn pase a jwenn liberasyon yo
    Kidnaping : Powèt "Ti Nèg" ansanm ak 2 dominiken bandi te kidnape semèn pase a jwenn liberasyon yo
  • Plizyè milye moun deja mobilize sou Channmas ak kafou ayewopò pou demare ak manifestasyon kont Jovenel Moise la
    Plizyè milye moun deja mobilize sou Channmas ak kafou ayewopò pou demare ak manifestasyon kont Jovenel Moise la
  • IJAN : Arnel Joseph, ansyen chèf gang Vilajdedye, tonbe anba bal lapolis
    IJAN : Arnel Joseph, ansyen chèf gang Vilajdedye, tonbe anba bal lapolis
  • RENAMEL denonse "deklarasyon irèsponsab" Jovenel Moise fè kont jounalis yo pandan rankont Konsèy sekirite ONU an
    RENAMEL denonse "deklarasyon irèsponsab" Jovenel Moise fè kont jounalis yo pandan rankont Konsèy sekirite ONU an
  • Kwadèboukè : yon dividal prizonye sove, pou pi piti 7 moun mouri
    Kwadèboukè : yon dividal prizonye sove, pou pi piti 7 moun mouri
  • Pòdepè : 5 moun mouri nan yon aksidan machin mòn kayo
    Pòdepè : 5 moun mouri nan yon aksidan machin mòn kayo
  • Pòtoprens : pwotestasyon devan lokal ministè ekonomi ak finans
    Pòtoprens : pwotestasyon devan lokal ministè ekonomi ak finans
  • Yon polisye ak tout inifòm tonbe anba bal bandi pandan li t ap tann kamyonèt pou al travay
    Yon polisye ak tout inifòm tonbe anba bal bandi pandan li t ap tann kamyonèt pou al travay
  • Yon prezime bandi mouri nan prizon sivil Okap la
    Yon prezime bandi mouri nan prizon sivil Okap la
  • Gwo pwotestasyon pandan lantèman yon ouvriye faktori nan komin Kafou
    Gwo pwotestasyon pandan lantèman yon ouvriye faktori nan komin Kafou

KE sou Facebook

KE sou Facebook
Mes Tweets
  • Facebook
  • Twitter
  • Bloglovin

Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Retounen anwo
Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.