Kreyòl Enfo, 14 me 2020 .- Komisè gouvènman Kwadèboukè a, Maxime Auguste, pa rive tande prezidan federasyon ayisyèn foutbòl la, Doktè Yves « Dadou » Jean-Bart, sou akizasyon abi seksyèl ak kadejak k ap peze sou do l. Jij la ranvwaye rankont la pou jedi 21 me.

Chèf pakè Kwadèboukè a fè kwè gen lòt moun yo sispèk ki ta mele nan dosye eskandal seksyèl sou jwè ak antrenè foutbòl fanm nan sant « Camp Nous » FIFA te konstwi Kwadèboukè a. Maxime Auguste di l ap kontinye ak premye ankèt yo avan li tande prezidan federasyon ayisyèn foutbòl la (FHF, sig nan lang franse).
Dadou Jean-Bart pral reponn kesyon komisè gouvènman an sou akizasyon ki nan atik jounal britanik « The Guardian » te pibliye nan kòmansman mwa a. Nan atik sa, jounalis « The Guardian » yo repòte temwayaj plizyè jwè foutbòl fanm kote yo denonse move pratik demeplè patwon FHF la ap fè yo sibi nan sant la.
Kreyòl Enfo