Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti

Kreyòl Enfo

Sous enfòmasyon an

  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
AktyaliteSosyete

Eskandal seksyèl nan sant Kwadèboukè a : patwon FHF la reyaji

👤 Kreyòl Enfo 05/05/202005/05/2020
Kreyòl Enfo 05/05/202005/05/2020

Kreyòl Enfo, 4 me 2020 .- Prezidan federasyon ayisyèn foutbòl la, Doktè Yves « Dadou » Jean-Bart voye jete byen lwen dosye eskandal seksyèl ki soti nan jounal britanik « The Guardian » semèn pase a. Nan yon dokiman sèt (7) paj, patwon FHF la bay kèk rezon ki ka pouse yo mete yon jwè deyò nan sant FIFA te konstwi a, Kwadèboukè.

Doktè Yves Jean-Bart

Yves Jean-Bart kòmanse pou di « aprè uit (8) lane depi akademi « Camp Nous » an ap fonksyone, poko gen okenn plent ki depoze kont federasyon an, ni kont estaf» k ap travay ak jèn yo. Dadou Jean-Bart siyale « Ayiti, nan foutbòl feminen an kote gen jenerasyon jwez ki gen 50/60 lane jodi a, m pa janm konnen gen dosye sa yo; nou pa twouve sa sispèk pou se avan kongrè a, pandan eleksyon komite egzekitif federasyon an nan mwa fevriye pase a tout akizasyon sa yo parèt».

»   Pòdepè : Lajistis fouke yon nonm ki ta fè kadejak sou pwòp pitit li

Prezidan federasyon ayisyèn foutbòl la presize yo voye yon jèn ale nan sant la se lè yo « (…) goumen youn ak lòt, refize antrene oubyen ale lekòl, rete deyò nan lari san pèmisyon. Oubyen, si se yo menm ki vle abandone».

Doktè Yves Jean-Bart mande lajistis ayisyèn ansanm, Federasyon entènasyonal foutbòl asosyasyon ansanm ak CONCACAF pou mennen yon ankèt sou dosye sa.

Kreyòl Enfo

Pataje

  • WhatsApp
  • Tweet
  • Telegram
  • Plus
  • Imprimer
  • Partager sur Tumblr
  • Pocket
Dadou Jean-BartEskandal seksyèlFHFFoutbòl fanmKadejakSant KwadèboukèThe Guardian
Kreyòl Enfo

Anvan
Ayiti : kowonaviris deja kontamine 100 moun, 11 mouri
Aprè
Venezyela mete lapat sou 9 « mèsènè » pami yo 2 ameriken ki t ap tante anvayi peyi a

ou ka enterese

Ayiti-kowonaviris : 358 moun deja kontamine, 48 pandan...

16/05/2020

Yon depite menase pou trennen senatè Joseph Lambert...

18/12/2018

Yon jèn fi mouri aprè mari l te...

14/11/2018

Sekirite : Prezidan Repiblik la eksplike misyon « espesyalis...

15/10/2019

3 semèn aprè li te fin rekonèt peche...

08/01/2019

IJAN : Robert Harry Bretous, otorite yo sispèk...

08/07/2020

Etazini : yon sipèsta NBA pèdi manman l...

14/04/2020

Lapolis repran kontwòl Savann Pistach

28/12/2018

Ayiti gentan pami 100 peyi kote kowonaviris kontamine...

30/05/2020

Opozisyon an anpeche Jovenel Moise rantre Okap, Chèf...

18/11/2019

#COVID19 #MSPPHaiti#UCRP

Mete kachnen!
Bay tout moun 3 pa distans!
Si n suiv konsèy otorite yo bay yo, n ap bare Kowonaviris! pic.twitter.com/aS3BPnmn39

— MINISTÈRE DE LA SANTÉ PUBLIQUE ET DE LA POPULATION (@MsppOfficiel) May 30, 2020

SA K AP DOMINE AKTYALITE A

  • Ensekirite : yon anplwaye UNICEF tonbe anba bal bandi Pòtoprens
    Ensekirite : yon anplwaye UNICEF tonbe anba bal bandi Pòtoprens
  • Pwotestasyon : vil Ench leve anba barikad kote sitwayen yo ap reklame kouran elektrik
    Pwotestasyon : vil Ench leve anba barikad kote sitwayen yo ap reklame kouran elektrik
  • Doktè Yves Cadet, espesyalis nan sekirite piblik, mouri britsoukou
    Doktè Yves Cadet, espesyalis nan sekirite piblik, mouri britsoukou
  • IJAN : Louko Désir, animatè vedèt emisyon Maten deba, jwenn arèstasyon l
    IJAN : Louko Désir, animatè vedèt emisyon Maten deba, jwenn arèstasyon l
  • Ensekirite : 3 moun viktim nan yon fiziyad sou Channmas
    Ensekirite : 3 moun viktim nan yon fiziyad sou Channmas
  • Pòtoprens, bandi ak zam touye yon jèn gason anndan machin li
    Pòtoprens, bandi ak zam touye yon jèn gason anndan machin li
  • Lanmò : rèsponsab zafè jiridik nan Fakilte dwa ak syans ekonomik la (FDSE) mouri
    Lanmò : rèsponsab zafè jiridik nan Fakilte dwa ak syans ekonomik la (FDSE) mouri
  • Latibonit : chèf gang Savyen an sèmante l ap touye jounalis Pradel Alexandre
    Latibonit : chèf gang Savyen an sèmante l ap touye jounalis Pradel Alexandre
  • Ensekirite : Lapolis kontinye ap konte kadav
    Ensekirite : Lapolis kontinye ap konte kadav
  • Ensekirite : endividi touye epi boule kadav yon polisye nan vil Senmak
    Ensekirite : endividi touye epi boule kadav yon polisye nan vil Senmak

KE sou Facebook

KE sou Facebook
Mes Tweets
  • Facebook
  • Twitter
  • Bloglovin

Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.


Retounen anwo
Kreyòl Enfo
  • Edikasyon
  • Sante
  • Sante
  • Diplomasi
  • Jistis
  • Entènasyonal
  • Aktyalite
  • Espò
  • Dyaspora
  • Kilti
  • Agrikilti
Copyright 2019 - kreyolenfo.com. Tout dwa yo rezève.