
Kreyòl Enfo, 3 dawout 2020.- Atoufè ak zam k ap fè lalwa nan zòn Papay, komin Gantye (Lwès) touye, maten lendi 3 dawout la, yon tibebe ak tout manman l pandan yo te yon machin. Plizyè lòt moun soti blese tou anba bal pandan atak bandi yo.
Daprè enfòmasyon kèk temwen pataje ak Kreyòl Enfo (KE), viktim yo te nan yon ti bis ki fè transpò Kwadèboukè-Malpas nan moman kriminèl yo te louvri katouch sou machin nan. Manman ak tibebe ki mouri a ta pral bouske laswenyay lopital, daprè premye enfòmasyon yo. Lapolis poko fè okenn arèstasyon aprè zak sa.
Bandi ak zam pa sispann mete dlo nan je moun k ap pase sou wout nasyonal nimewo 8 la (RN8) depi anviwon 2 lane anba bab otorite yo ki parèt san fòs pou kwape malfektè yo.
Depi kèk jou, plizyè tibebe, timoun ak fanm ansent viktim anba bal asasen ki gaye nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la. Zak kriminèl sa yo pa sifi pou revòlte sosyete a epi fòse rèsponsab ki nan Leta a frennen machin ensekirite a?
Kreyòl Enfo